#konsyan
Explore tagged Tumblr posts
Text
Mouvman Kiltirèl Choukaj
Kaki Kas
Déboulé an konsyans
#Gwadloup #kakikas #konba #kilti #choukaj #kachouké #lit #déboulé
2 notes
·
View notes
Text
Matthew J. Smith, Ph.D. Smith se Konferansye Senior nan Depatman Istwa ak Akeyoloji nan University of the West Indies nan Mona, Jamayik. Li se otè Red and Black in Haiti: Radicalism, Conflict, and Political Change, 1934-1957 (2009). " Nan plizyè fason, Ayiti te antre nan epòk politik modèn li a ak Revolisyon 1946 la. Konfli koulè ak klas nan peyi a te vin pi apwofondi anba lidèchip Elie Lescot, ki te pran plas Prezidan Sténio Vincent an 1941. Lescot te dirije ak yon men fèm e tankou Vincent te konte anpil. Garde d'Haïti (ansyen jandamri a) pou l te kenbe dominasyon l, men li pa t kapab kenbe enpilsyon radikal yo te deklannche nan viktwa fòs alye yo an 1945. Jèn maksis ann Ayiti te enspirasyon anpil nan Revolisyon Ris la, Gè Sivil Panyòl, maksis fransè yo, André Breton ak mouvman sirealis la ak jenerasyon kominis ayisyen anvan yo, sitou powèt maksis la selebre Jacques Roumain, ki gen renome ak lejand te grandi apre lanmò toudenkou li an 1944.
Defi revolisyonè nan pwennvi yo, etidyan maksis sa yo, ki gen ladann ekriven don Jacques Stephen Alexis, René Depestre, ak Gérald Bloncourt, te non sèlman ajite pa elit abi pouvwa politik, men tou, entèferans nan peyi Etazini nan politik ak ekonomi Ayiti. pandan GMII. Nan edisyon Nouvèl Ane 1946 nan ògàn yo La Ruche, yo te mande pou yon reoryantasyon dramatik nan politik ayisyen an ak yon fen nan diktati an Ayiti. Fèmti fòse Lescot nan laprès te pouse yon pwotestasyon etidyan an mas ki te dirije pa manm kolektif La Ruche. Nan kèk jou, manifestasyon etidyan an te vin tounen yon gwo grèv nan tout peyi a. Yon Lescot dekouraje te oblije demisyone.
Apre "Revolisyon 1946" Ayiti te fè eksperyans yon peryòd gwo aktivite radikal. Pou la pwemye fwa nan listwa peyi a, te gen yon rafal jounal radikal ak plizyè douzèn pati politik ki te fòme, ki gen ladan plizyè enpòtan pati gòch. Pami yo te gen yon Parti Communiste Haïtien (PCH) ak Parti Socialiste Populaire (PSP) ki te reviv. PSP a te dirije pa ansyen alye Roumain e li te gen pi fò koneksyon ak gwoup maksis nan Kiba, Repiblik Dominikèn, ak Etazini.
Men, se gwoup noiriste yo ki te gen pi gwo enfliyans an 1946. Radikalis noiriste te dwe anpil nan ekspansyon konsyans nwa nan ane karant yo ak devlopman an reta nan yon mouvman travayè an 1946. Figi dirijan nan mouvman travayè a ak nan mouvman travayè a. epòk pre-Duvalier te san dout Daniel Fignolé. Fignolé se te yon jèn pwofesè matematik ak ekriven ki te soti nan yon orijin riral pòv, li te yon oratè ki te gen yon don ekstraòdinè ak yon apeti fenomenn nan mitan majorite vil yo nan Pòtoprens. Aparisyon Fignolé sou sèn politik la an 1946 te atribiye a abilite inik li pou pwofite enkyetid majorite ayisyen yo nan diskou dramatik ki te bay an kreyòl.
Ekriven Noiriste yo te konsidere Fignolé kòm yon egzanp sou espwa yo ak gwo swiv li te wè l kòm yon sovè anba dominasyon politik boujwazi a. Pati Fignolé a, Mouvement Ouvrier et Paysan (MOP) te fòme an 1946 e li te vin pi gwo òganizasyon travayè nan listwa Ayiti. Malgre mayetis Fignolé a, ak ajanda radikal maksis yo, Etazini ak Garde d'Haïti, te rete pi gwo pouvwa an 1946. Sou direksyon Garde yo te òganize eleksyon 16 out e sa te lakòz viktwa. Dumarsais Estimé, yon depite nan Verettes ak senpati noiriste. Administrasyon katran Estimé a te pwouve se youn nan pi pwogresis nan ventyèm syèk la." " Gérald Bloncourt, Jacques Stephen Alexis, ak René Depestre, ak zanmi. Nan Unité, vol. 2, no 9" Sous : http://islandluminous.fiu.edu/part09-slide14.html http://www.dloc.com/UF00072338/00011
#Ayiti#Haitian Revolution 1946#Jacques Stephen Alexis#René Depestre#Gérald Bloncourt#Caribbean archives
3 notes
·
View notes
Text
PEP LA FENK KOUMANSE SOUFRI SI SE KONSA FON PIBLIK AP GASPIYE …
Nou memm nan redaksyon La voix de Dumont nou toujou rete konsekan ak konviksyon nou krey prezidansyel 9 tet sa pap vin regle anyen pou mas yo kap soufri anba lamize, ensekirite, chomaj e dezespwa. Antreprene politik yo se zafe poch yo kap regle nan pratike koripsyon e trafik enflyans nan administrasyon piblik la pou souse kes leta.
Rapo anket ULCC soti a demontre kouman demagog yo se koripsyon yo vin fe nan krey 9 tet la. Li enpotan pou mas yo leve kanpe pou revandike dwa yo paske sityasyon an kritik chak jou Bondye mete nan peyi a. Se yon jij Lakou kasasyon ki pou nan tet peyi a ak yon gouvennman ki sansib ak sityasyon difisil mas kap viv nan bidonvil ak milye peyizan yo.
Mezanmi pran tan pou nou konprann konbyen lajan yon manm krey 9 tet la koute trezo piblik …
Men konbyen lajan Smith Augustin di 1 konseye prezidansyel koute pèp ayisyen :
220 000 goud, salè
73 000 goud, frè fonksyónman
400 000, pou kay
500 000 goud, kat prepeye
250 000 goud, pou gaz
20 000 goud, kat telefòn
Sa fè 1 463 000 goud chak mwa.
Smith Augustin ajoute 25 000 000 entèlijans la li konsidere kòm yon avantaj ki disponib pou tout konseye -prezidan yo.
Nou rete kwe se pou chak moun kap li mesaj sa pataje l ak lot yon fason pou mobilize pep la yon fason pou nou tout di non ak krey 9 tet ki pap regle anyen serye pou fanmi ki pov yo. Le n tande deklarasyon prezidan dominiken ki deklare li pral dépote 10.000 ayisyen san papye chak semenn lan peyi dayiti e nou panse gouvennman ki la koulye a pap genyen mwayen pou soutni tout moun sa yo ki bezwen manje, travay, edikasyon, sante ak sekirite.
Mezanmi si nou refize pran konsyans sou difikilte peyi a bagay yo ap vin pi red pou manman ak papa pitit wi. Diaspora pap chita ap pran presyon fanmi pou voye transfe chak mwa non pou lekol, lamanjay, maladi elatrye. Nou dwe pran responsablite nou ak 2 bra pou n chanje kondisyon lavi pou moun ki pov nan milye defavorize yo.
https://x.com/windyphele/status/1841574340044980273?s=48&t=xV2hIdyYmmeX6zJ1kzyLDg
Jean-Marie Mondésir
Citoyen engagé de Dumont
PDG de Dumont Inter 103.1 FM
Radio-Dumont.com
0 notes
Text
NOU MELE AK OTORITE RESPONSAB LAJISTIS LAN ZONN SID LA…
Nou toujou enterese sou kesyon fonksyonnman lajistis lan peyi dayiti. Se peyi sa ki kontribye lan fomasyon nou avan nou pati al espesyalize nou lotbodlo. Le nou remake genyen deriv lan fonksyonnman lajistis nou santi nou gen obligasyon pou n reyaji kom sitwayen konsene lan devlopman peyi dayiti. Nou konsyan lajistis ap fonksyone tet anba, majistra yo kowonpi epi yo enkonpetan. Si w pa genyen lajan peye bon avoka ou riske kanni lan prizon.
Avoka yo plis ap fe sansasyon voye monte sou rezo sosyal olye yo chita sou analiz san pasyon ak patizanri. Oksilye lajistis yo menm meprize tout reg ki tabli pou respekte dwa sitwayen yo.
Nou konnen peyi dayiti ap fe fas ak yon pwoblem milti dimansyonel e ensekirite ak kidnapin se sel kok chante. Tout moun konnen se dirijan politik yo ( pouvwa ak opozisyon) epi sekte mafya lan oligak kowonpi yo kap alimante gang bandi yo ak zam e minisyon. Nou pap kouri kritike selman Jenn dezabize lan katye popile yo ki pa leve jwenn 2 paran yo k ap soutni yo. Yo leve lan yon milye kote se lamize, vyolans, soufrans, grangou, chomaj ak laviche ki sevi yo imaj dezolasyon. Yo pa genyen okenn referans ni Leta pa prezan lan katye difisil pou ede fanmi ki pov yo.
Premye responsab kondisyon lavi difisil fanmi kap viv lan zonn kote bandi yo okipe yo se otorite lan gouvennman santral la. Se yo ki gen obligasyon pwoteje dwa ki garanti lan manman lwa peyi a. Si otorite gouvennman yo pa janm manifeste okenn entansyon pou solidarize ak moun ki sibi zak vyolans bandi yo e nou kwe li enpotan pou nou mobilize fos nou pou n denonse otorite sa yo.
Dr Ariel Henry sou pouvwa depi 20 jiyet 2021 apre koudeta ki swiv asasinay Prezidan Jovenel Moïse lan dat 7 jiyet 2021. Misye se jwe wol premye minis, prezidan, minis enterye e chef konsey siperye polis nasyonal. Li lan tet pouvwa depi 29 mwa san okenn oganism k ap kontwole aksyon li. Pa genyen okenn satisfaksyon lan revandikasyon mas bidonvil yo. Moun ki viktim anba zak kriminel bandi pa jwenn okenn rekonfo ni sipo rejim an plas la.
Genyen plis desespwa, chomaj, grangou, ensekirite ak vyolans sou rejim Dr Ariel Henry a. Misye plis preokipe satisfe reprezantan anbasad peyi etranje yo ak Nasyonzini. Moun ki pati kite kay yo akoz afwontman gang yo pa jwenn okenn soutyen ni solidarite ekip ki sou pouvwa a.
Lan yon konteks sosyoekonomik difisil kote minis lajistis dako pou li deklare gouvennman an pedi yon banm teritwa e plis pase 80% teritwa lan kapital la se gang bandi kriminel ki ranplase leta, nou prefere akse kritik nou sou ekip ki sou pouvwa kap jwi tout privilej Leta. Li pa nomal pou n aksepte 20.000 jenn pase yon premye trimes san frekante lekol akoz fanmi ki viktim yo okipe espas etablisman piblik yo lan kapital la.
Nou pa tande okenn dirijan ni minis lan gouvennman ki panse ak pwoblem reyel peyi a. Diaspora ki se fos ekonomik e entelektyel peyi dayiti pa kapab rete debwa kwaze pou gade silans yo pandan pep ayisyen ap travese tout peripesi sa yo. Li enpotan pou n mobilize fos nou ak sitwayen konsekan pou n denonse ekip gouvennman sa ki pap regle anyen serye pou fanmi kap sibi vyolans gang yo lan peyi dayiti.
Nou oblije reyaji apre nou konstate arestasyon papa chef gang Mariani an ki rele Boutba kote li deklare misye te lan Posali. Deklarasyon sila fe Komise Ronald Richmond paret led apre deklarasyon piblik li te fe sou rezo sosyal yo pou kondane entevansyon Komise Muscadin ki te entevni lan jiridiksyon l ap dirije san avize chef Pake a e ekip lapolis jiridiksyon an.
Redaksyon Port-Salut Magazine te pran konesans entevansyon, reyaksyon yo ak deklarasyon Ronald Richmond ki se Komise jiridiksyon Okay la. Le nou te analize deklarasyon Charles Didier Saint Juste ki se met otel lan Posali nou te remake misye gen bagay lap kache. Nou pa rive konprann pouki rezon met otel la di se li ki te tire 2 bal yo. Si papa Boutba deklare li te Posali sa vle di Didier Saint Juste pa bay tout vérité yo. Moun Posali dwe pridan ak met otel sa wi kap tolère bandi anvayi kwen pezib sa. Sityasyon sa kapab jete yon vye imaj pou moun kap viv lan komin Posali.
Nou remake Komise Richmond paret led apre li te fin fe deklarasyon tet anba sou entevansyon Komise Muscadin lan komin Posali san li pat enfome. Richmond demontre li genyen problèm ak fonksyonnman Komise miragwann lan. Lan konteks ensekirite peyi dayiti kote Komise Muscadin ap batay ak tout fos li pou eradike bandi k ap travese gransid la, deklarasyon piblik Komise Richmond genyen kek mo ki mal plase.
Nou genyen kek kritik sou arestasyon Papa, Fre ak Belme chef gang Boutba. Nou ta renmen konnen sou ki motif yo arete manm fanmi bandi a? Nou rekonet responsablite penal li pesonel ak moun ki fe zak kriminel e pa genyen anyen ki di Papa, Fre ak Belme bandi a genyen konplisite ak chef gang Boutba kap teworize moun Mariani. Nou remake genyen anpil tet cho lan arestasyon fanmi bandi a epi manke pwofesyonalis lan entewogasyon fanmi bandi a li te dwe fet separe pou li te kapab jwenn plis enfomasyon. Zafe Komise gouvennman Ki tabli lan miragwann k ap fouye sekey san gan li pa sekirite pou li.
Konklizyon nou tire deklarasyon Charles Didier Saint Juste genyen kontradiksyon e gen anpil dout sou zafe pat genyen bandi lan otel la. Komise Muscadin demontre li te genyen bonjan enfomasyon sou prezans bandi Boutba lan komin Posali.
Deklarasyon Komise Ronald Richmond korek lan yon peyi nomal paske yon Komise gouvennman genyen yon limit jiridiksyonel pou li ekzese pouvwa li. Tout entevansyon yon otorite lan yon lot jiridiksyon li te dwe enfome Komise lot jiridiksyon an avan li aji paske tout 2 Komise gouvennman yo fe pati menm ekip epi yo genyen menm misyon aplike politik penal gouvennman an. Si genyen deriv lajistis epi minis lajistis pa di way sa vle di yo pa konsyan de wol yo dwe jwe lan pouvwa kowonpi sa.
Jounen jodia tout moun remake pa genyen solidarite ant 2 Komise gouvennman yon rejim ki genyen misyon aplike politik penal gouvennman Dr Ariel Henry. Sitwayen ki genyen limye dwe pran pozisyon pou denonse tout konfizyon ak mezantant kap ranfose zak bandi kriminel sanfwa ni lwa ki ranplase leta lan peyi dayiti.
Jean-Marie Mondésir
Juriste haïtien | Specialiste droit civil
Citoyen engagé de Dumont
Éditeur de Port-Salut Magazine |
La voix de Dumont
PDG de Dumont Inter 103.1 FM
Portsalutmagazine.ca
https://lavoixdumont.wordpress.com/2023/12/15/nou-mele-ak-otorite-responsab-lajistis-lan-zonn-sid-la/
0 notes
Video
Dyaspora konsyan et konsyant pou yon tet ensemble et yon vie ensemble
0 notes
Photo
"RESEVWA BENEDIKSYON W NAN MEN BONDYE" Mande Senyè a poul béni tout travay wap fè, wa reyisi nan tou sa wap fè ,#PROVEB 16:3 . Nou souvan envite moun ki gen anpil relasyon, kontak ak lajan nan aktivite nou yo, poutan jan de moun sa yo paka fè nou reyisi . Lajan paka chanje mal nou yo an byen, kontak nou yo paka sove lavi nou, relasyon nou yo paka anpeche nou mouri ni malad. Nou souvan répéte « malè ak moun ki konfye nan moun » poutan nou pa janm pran konsyans ke pawol kap soti nan bouch nou ka kondane ak délivré nou tou. Envite Jezikri nan tout sa nap fè, mande Bondye poul béni nou tou. Men pa janm bliye sa ke benediksyon pa janm mache san obeyisans. Tout moun ki obeyi ak pawol Bondye a ap reyisi kan menm. Paske JARIYIS te envite Jezi nan maladi pitit li a sa te byen pase. Yo te envite Jezi nan Yon maryaj ki tap fêt nan lavil Kana yo te reyisi. Men nou menm nou derefize voye envitasyon pou Jezikri, deske nou pap asepte obeyi ak pawol vérité a nou pa mande Bondye benediksyon an. Pi bon relasyon nou dwe genyen se ak Jezikri poul ye, pi bon zanmi nou tou dwe Jezikri, li se sel moun ki pap kitew echwe. Lap pran pasyans pou nou jis kan nou rive. Nan maladi nou yo, problèm, traka, touman, pèsekisyon, tristes, kalamite pa janm bliye voye envitasyon Bay Jezikri, se pou’n toujou bay Jezikri premye plas nan la vi nou, konsa nou pap regret ni plenyen, nap toujou pote viktwa . #Amen #Évangéliste_Lindor_Enock https://www.instagram.com/p/CmGvlOkuPPJ/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
Photo
Share to anyone who need this reminder right now. Follow @goalpam for more Follow @goalpam for more Follow @goalpam for more #goalpam #mygoal #life #God #good #universe #RT #amazingGod #faith #entrepreneurmindset #fashion #open #lakay #konsyan #kwayans #lavi #instagood #followforfollowbacks #likeforlikes #quote #dailyquote #happyquote #motivationalquote #lovequote #share #isntastory #morning #afternoon #night (at New York City, N.Y.) https://www.instagram.com/p/CVnxYKoJ8wP/?utm_medium=tumblr
#goalpam#mygoal#life#god#good#universe#rt#amazinggod#faith#entrepreneurmindset#fashion#open#lakay#konsyan#kwayans#lavi#instagood#followforfollowbacks#likeforlikes#quote#dailyquote#happyquote#motivationalquote#lovequote#share#isntastory#morning#afternoon#night
0 notes
Link
Harry Nicolas, Mèt fèy Vèt, kenbe lespri Kita Nago pou chita pale sa sou resous nou ak tout bèl kapasite otodetèminasyon nou, kòmanse ak bay pwòp tèt nou bon jan manje epi mete tèt ansanm tout bon vre pou devlopman peyi nou kòrèkteman kòmsadwa.
https://youtu.be/OBYeRIGWFkU
Mwen damou pou chante li mete devan an: ''Sila di manman mwen grangou. Sila di annou travay tè. Sila di m ap sanble moun yo. Sila di m ap pote semans. Sila di mwen menm pran devan.''
12 Prensip Bwa Kayiman, yon tèks ki montre rigè otodetèminasyon pèp Ayiti #prezans #mouvman #konsyans #kadanse #lanmou #respè #kouraj #ekilib #amoni #disiplin #entegrite #lajwa #richès #tètansanm revolisyon kadansenou.com/prensip-bwa-kayiman.html#prensip12
#prezans#mouvman#konsyans#kadanse#lanmou#respè#kouraj#ekilib#amoni#disiplin#entegrite#lajwa#richès#tètansanm#MètFèyVèt#bwakayiman
5 notes
·
View notes
Text
" Il y a des cas de corruption dans la majorité des institutions publiques ", selon la structure Nou Konsyan
” Il y a des cas de corruption dans la majorité des institutions publiques “, selon la structure Nou Konsyan
L’organisation progressiste Nou Konsyan dit que la réalisation des élections dans le pays ne sera pas possible, tant que le procès PetroCaribe ne sera pas résolu. Selon cette structure socio-politique, la corruption est omniprésente en Haïti. De ce fait, Nou Konsyan exige que toutes les entités gouvernementales soient auditées. En effet, la structure socio-politique Nou Konsyan a attiré…
View On WordPress
0 notes
Text
Kanaval nasyonal anile,yon gwo chòk Pou vil Gonayiv daprè majistra Neil Latortue.
Vendredi 01 Mars 2019
Kanaval nasyonal anile,yon gwo chòk Pou vil Gonayiv......
Depi aprè ministè kilti ak kominikasyon fin anonse kanaval nasyonal la ofisyèlman anile nan site endepandans lan kite pwograme pou dat 3 pou rive 5 mas kap vini la, reyaksyon yo pat pran tan pou tonbe.
Sevre lite klè patgen anyen kòm preparasyon kite fèt poute resevwa kanaval la akoz twoub politik kite genyen andan peyi a,kote tout peyi a te lòk pandan plis pase yon semèn.
Plizyè atis soti Nan silans yo Pou montre seyon gwo kou yopran kanaval la ki anile a, dabò CHARLÉUS WILLIAM (SOYETO)fè konnen kanaval pal koutel anviwon 35 mil goud Pou anrejistre mereng lan nan estidyo san konte mil dola ameriken pou videyoklipel plis twoup de dans ak deplasman pou imaj yo.
JEFF ALEXANDRE (PACHOU FRAJIL MIZIK)fè konnen ant anrejistreman mereng lan ak videyo koute yo anviwon 2 mil 500 dola ameriken.
Alòske SUZE BIEN-AIMÉ (MARSHELLE MANMAN GAME LAN)deklare li depanse anviwon 5 mil dola ameriken non sèlman pou anrejistre mereng lan,men pou fè konpayi antre soti aletranje pou videyo a montre aklè seyon gwo chòk pou yomenm atis yo nan Gonayiv kite swete antre yon tikòb Nan okazyon an malerezman anile,el kwè souplan enfrastriktirèl ak ekonomik e menm souplan sosyal seyon kou fatal Pou vil la kanaval la kipafèt la lèl sonje nan lane 2014,Sou ansyen prezidan Martelly,anpil ri kite kontui sete gras a kanaval nasyonal kite fèt Nan site a,e pat gen menm yon moun kite mouri ni pyès vit machin pat kraze.
Atis sayo kikwè a chak fwa peyi a gen pwoblèm politik yomenm kòm atis yo viktim,akoz yopa ka pèfòme,lanse yon mesaj bay aktè politik yo pou travay pou gen estabilite andan peyi a Pou o mwen yokapab an mezi viv a travè zèv yo.
Majistra Neil Latortue kitap pale aprè midi jedi 28 fevriye a nan jounal KALFOU VERITE Sou Radio Antenne Continentale ki prezante pa Frantz Renel Lebrun,di efektivman seyon gwo kou Pou vil la akoz pakèt moun kite gentan fè gwo depans tankou moun kiprete kòb labank Pou repare anplis ogmante chanm otèl yo,ba-restoran, elatriye.
Neil Latortue,tout fwa pwomèt meri a ap fè tout sal kapab pou òganize yon aktivite nan okazyon an kote yap itilize menm pakou kanaval endepandans lan kisoti Sou waf la,Monte Sou gran ri louvèti(louverture)pase devan komisarya Pou desann devan meri,pase Nan ri fab jefra(Fabre Géffrard pou al bout sou waf la ankò.
Li konte genyen o mwen 4 cha sou pakou a,menm s'il pat an mezi di konbyen gwoup mizikal,ak bann a pye yo konte genyen nan pakou espesyal sila, ansuit konstwi yon estang devan meri a,menm s'il konsyan pap gen pakèt estang kap gentan konstwi Nan moman,ni nonplis yopap jennen ankenn ti machann akoz sitiyasyon malouk peyi a ap travèse jounen jodi a.
Neil Latortue,kidil konte sou lapolis pou asire sekirite popilasyon an nan okazyon an,dil konte toi sou sipò ministè kilti ak kominikasyon Kite anonse yap akonpanye Meri yo kiap gen Pou kreye animasyon Nan moman sa pouta fèsa rapid,sakidwe pèmèt yo akonpanye bann a pye epi gwoup mizikal yo soti 3 Pou rive 5 mas kap vini la.
Frantz Renel Lebrun korespondan Radio Ibo(98.5) kinan pòtoprens epi Radio Antenne Continentale (99.5) Gonayiv
1 note
·
View note
Photo
Gen yon timoun, se reyalize ke nan je sosyete a, manman yo pa kapab: - Plenyen (ou pat dwe gen timoun) - Kriye (poukisa w ap kriye? Ou te panse li te fasil?) - Ou fatige (fatige ak kisa? Ou pa fè anyen) - W'ap rele pandan akouchman (lèw tap ouvè pyew pou'w te pranl lan li te dous kounya madanm pa vin fè pil bri nan tèt moun la) - Dòmi (ou parese!) - Repoze (w'ap gen tan pou sa apre li fin grandi) - Re ansent ankò (èskew fou? Konbyen lòt timoun ou vle?) - Ou poko santi'w ka fè kèk bagay apre akouchman ( kite nèg ou ale nan lòt fanm pa rele sou kòw pou'w bal afè li. Pa okipel kòm sadwa pou'w wè siw pap pèdil) - Kite travay (kijan ou pral ede patnèw la?) - Travay (ki moun ki pral pran swen timoun yo?) - Kite timoun lan nan krèch (ki sa ou vle di? Se lòt moun ki pral level epi ou pap wèl?) - Lè yon madanm marye (podjab mari a, l'ap travay di epi madanm li rete lakay!) - Lèw selibatè (ki gason ki pral pran yon fanm ki gen timoun) - Soti pou pran ti plezi (kite pitit ou yo bay granparan jis pou al pran plezi?) Natirèlman, sa ka nyanse, men mwen sèten ke plizyè nan fraz sa yo di'w yon bagay ... Epi nou konnen sa ki pi di a? 90% nan mo sa yo pwononse pa lòt fanm. 👉 Ann eseye pran konsyans de sa epi vin gen plis sipò youn ak lòt. ✨ Kouraj ak tout fanm ki sou paj la Naissance mère'veilleuse Pédiactu https://www.instagram.com/p/CkrgtGAj226/?igshid=NGJjMDIxMWI=
1 note
·
View note
Video
Dyaspora konsyan et konsyant pou yon tet ensemble et yon vie ensemble
0 notes
Text
Fritz Jean deklare lespwa ap vini nan yon konsansis politik nasyonal pou frennen efondreman peyi a
.@Fritzalphonsej Jean deklare lespwa ap vini nan yon konsansis politik nasyonal pou frennen efondreman peyi a.- #Juno7 #J7Sep2022
Fritz Jean deklare lespwa ap vini nan yon konsansis politik nasyonal pou frennen efondreman peyi Dayiti. Prezidan eli Akò Montana a Fritz Alphonse Jean nan yon mesaj pre anrejistre adrese l ak nasyon an sou kriz sosyopolitik k ap toumante bil peyi a depi plizyè jou. Nan diskou li an, li montre sa k rive la yo kiyès ki lakoz, li fè yon apèl ak konsyans ki ka debouche sou yon konsansis politik…
View On WordPress
0 notes
Text
Position de la Ligue des Pasteurs de Petit-Goâve face à la situation socio-économique et politique dégradente du pays_
Nan NON Bondye ki gen tout pouvwa a , Lig Pastè Tigwav la salye tout konpatriyôt Ayisyen alawonn badè, espesyalman Moun tigwav.Lig Pastè Tigwav la te pran Yon ti tan pou l’ te byen swiv epi analize konjonkti peyi a e li fini pa reyalize ke pi gwo pwoblèm Ayisyen se Yon pwoblèm de “Coeur” et de ” Conscience” . Se sèl Bondye Kika chanje kè Yon Moun pou fè l pran konsyans, e se ak la priyè sèlman…
View On WordPress
0 notes
Text
🥰 Bon Makaya! 🙏🏾 💞
🌟Nan peryòd n ap viv kounye a, mwen kwè fèm se nan pwofonde rasin nou pou nou chèche fós enèji vital nou epi konnen ki sa pou nou fè pou nou viv tout bon prensip Tout Moun Se Moun, pou nou kadanse lanmou ak respè pou ekilib epi amoni alawonnbadè.
Nou bezwen rasanble nan tèt ansanm tout bon, kase tout kòd divizyon pou nou rekonèt pwòp tèt nou. Gen prensip zansèt nou yo te mete anplas, nou bezwen rekonèt, pou ede nou fè chemen an, tankou nou jwenn nan tèks 12 Prensip Bwa Kayiman (www.kadansenou.com/prensip-bwa-kayiman.html).
Sezon Makaya se yon bon moman pou nou l’ouvri kè nou tounèf.
« Makaya se fèt fèy, se fèt pou selebre viktwa limyè sou tenèb ki soti nan yon evénman astwolojik "sòltis ivè". Nan tradisyon an depi 21, 22, 23 Desanm rive chak moun chwazi yon jou pou lave lakay yo ak fèy, granmoun mete timoun kanpe nan kivèt pou benyen yo ak divès kalite fèy nan bwa swa pou retire devenn kòde oubyen rale chans. »
« Makaya fete soti 21 Desanm pou rive 6 Janvye. Li respekte yon espas ki demare 21 Desanm nan pou rive 15 Mas; yo rele l "sezon Makaya". Li mete bout ak gede ki fini 20 Desanm. »
🌟 BON MAKAYA! 🙏🏾👊🏾✊🏾🤗💞💯💫
youtube
#Makaya#kadanse#revolisyon#lanmou#respè#ekilib#amoni#kouraj#disiplin#richès#prezans#konsyans#lajwa#mouvman#entegrite#tèt ansanm
0 notes
Text
ASPAEDH mande pou aktè yo pran konsyans pou aktivite lekòl yo rekòmanse
Asosyasyon paran elèv ann Ayiti fè konnen otorite ki an plas yo poko rive fikse dat pou kòmanse ane akademik 2022-2023 a. Se sak fè yo mande aktè yo pou yo pran konsyans pou aktivite lekòl yo rekomanse nan peyi a. ASPAEDH, ki di li konsène, espere yon efò nan men aktè yo pou fasilite relouvèti klas yo. Tout pandan yo fè konnen menm nan peyi ki gen lagè, lekòl yo louvri pòt yo. Nan sans sa a,…
View On WordPress
0 notes