Tumgik
#jeziayiti
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🇭🇹JISTIS POU PEYI NOU, NAN NON JEZI NOU PRIYE. AMEN! 📍Letènèl ki mèt lame yo, defan n Ayiti akoz non ou. 📍Defansè sa ki fèb yo, gen pitye pou peyi nou. 👉Nou rekonèt gen anpil derespektan majorite dirijan nou yo fè kont ou. Nou mande w padon pou sa. Se sa ki fè kòm sitwayen, nou remèt peyi nou ba ou, paske nou gen dwa sa. 📍Tanpri domine, epi louvri je nou pou nou chwazi moun ki nan plan devlopman dirab, lonè ak respè pou peyi nou. 📍Gen anpil nan nou ki konnen ou, k ap sèvi ou, ki renmen ou. 📍Ini tout moun pa ou pou byenèt peyi nou Papa. 🔥Fè sentespri aktive tout estrateji nan lespri nou, pou nou soti peyi nou kote nou ye a. 📍Tanpri leve yon jenerasyon Moyiz, Gedeon, Estè, Neyemi pou defann kòz, reprezante ak dirije Ayiti. 🇭🇹Fè peyi nou gras ak jistis nan non Jezi! #santespirityèl #alokretyen #jeziayiti #jesushaiti #levanjil #kretyen #haitian #haitien #haitienne #haiti #ayiti #ayisyen #linyonkretyen https://www.instagram.com/p/CjX_96wrU7z/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
📍Si ou fè priyè a di Amen! 👉Priyè sa ap pwoteje moun ki ap resevwa pawòl la, epi l ap ede gen mwens deriv nan mitan nou. #santespirityèl #alokretyen #levanjil #kretyen #legliz #hatianchurch #haitianpastor #pastèayisyen #ayisyen #haitienne #haitien #haitian #ayiti #haiti #jeziayiti #jesushaiti https://www.instagram.com/p/CjMyJppNJZv/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🔥Pa t ap gen ate si pa t gen Bondye 🙌 Menm fason pou moun ki vle fè nou kwè pa gen Bondye idantifye yo gen non Bondye ladan l😂 👏Woy a la yon Bondye sa papa! #santespirityèl #alokretyen #kretyen #kretyenayisyen #christianhaitian #levanjil #ayisyen #haitien #haitian #haitienne #legliz #haitianchurch #haitianpastor #jesushaiti #jeziayiti https://www.instagram.com/p/Ci2zCjHOCSS/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🚨Li pou ka ekri nimewo ou pi renmen yo nan kòmantè. 📍Depi nan kòmansman satan te anvi nan plas Yahweh a. 😎Malgre se Premye fwa li t ap rankontre moun Bondye kreye yo, li pa t menm gen yon idantite pou li prezante tèt li. Men, pou pawòl li te ka atire Èv, li te oblije itilize sa Bondye finn di pou li devye, konsa l a jwenn yon ti atansyon nan men kreyati Bondye yo. Sa ki tèrib la, menm devyasyon li vle fè a, se enpòtans Bondye ankò li te pwouve lè li te Èv se tankou Bondye l ap ye si li fè kontrè ak sa Kreyatè a te entèdi a. Li pa t menm gen yon bagay pou li te vann tèt li ki te ka atire Èv, si se pa t manti sou Bondye. Sa vle di, li te anvi nan plas Kreyatè a pou pawòl li te ka respekte pito. Sa ki tris men ki enpòtan pou nou jodi a, se malgre li di Èv se tankou Bondye l ap ye si li manje fwi a, Èv kite dout anvayi li tèlman, li chwazi pran pawòl satan pito pase Bondye li panse li pral vinn tankou li a depi li pa obeyi a. 🔴Ki nimewo ou t ap chwazi si ou ta nan plas Adan ak Èv? 1- 👉 Gen nan nou la ki pa t ap menm pran tan ap koute satan. 2- 👉Gen nan nou li t ap di, ebyen si se tankou li m ap ye si m manje fwi a, banm obeyi pawòl li a pito. 3- 👉Gen nan nou ki t ap tann lè Kreyatè vinn vizite pou nou di l sa, pou nou ka wè kijan l ap reponn avan nou ta reyaji sou pawòl Satan. 4- 👉Genyen tou ki t ap di, mèsi paske w ap veye pou nou. Epi k an nou vire, nou rete fokis sou sa Kreyatè a te di nou an. 5-👉 Genyen tou ki t ap chèche kote yon baton ye, pou kraze tèt satan pou li pa janm rantre nan koze nou ak Bondye ankò.🥊 🚨Tout sa vini nan lespri ou ki pa alinye ak pawòl Bondye, se manigans lènmi an pou li jere w menmjan ak Èv, ki pra l debouche sou rezilta ki pa t nan plan Bondye pou ou! #santespirityèl #alokretyen #drtaika #jeziayiti #jesushaiti #levanjil #kretyen #ayisyen #haitian #haitienne #haitien #haitianpastor #pastè https://www.instagram.com/p/Ch3YG8BjOVW/?igshid=NGJjMDIxMWI=
1 note · View note
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🔴Se pa djòlè non, men fòk nou konnen se Yahweh, Bondye n ap sèvi a ki pou bay pasaj sèlman. 🙌Se rezon ki fè, si nou vle jwi benefis yo, nou dwe sèvi li fidèlman. 👉Lè nou tonbe fòk nou kouri leve. 👉Lè nou nan batay, remèt li teren batay la. 📍Sak pi rèd la, gen bagay ki parèt defèt nan yon moman, men se demen n ap dekouvri se te sèlman yon okazyon pou plan Bondye te ka akonpli. N ape poze anba zèl lanmou li a. #santespirityèl #alokretyen #drtaika #jeziayiti #jesushaiti #levanjil #haitian #christianhaitian #haitianpastor #pastèayisyen #pastè #gospelhaiti #kretyenlakay #haiti #haitienne #haitien #kretyen https://www.instagram.com/p/Chi7wCDjlGf/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
📍Kisa yon vrè adoratè Bondye ap chèche ye? 📍Kisa adore Bondye an espri, an verite vle di? 🔴Nou ka twonpe moun parèy nou, nan ba yo bèl pawòl epoutan nou pa menm prè pou sipòte yo moralman, finansyèman menmsi nou genyen oswa ankouraje yo nan sa y ap fè. 👉Men Bondye n ap sèvi a gen kontwòl kè nou, lè nou di nou renmen li, nou pa ka sou kou avèl. Li konnen si se pou tout bon, oswa se sekirite, gerizon, lajan ak lòt bagay w ap chèche. 👉 Se pa san rezon pawòl la di chèche wayom li ak jistis avan. Paske depi ou genyen li nan kolòn ou, wap bat kanmenm nan nenpòt batay ou ye nan vi sou tè a. #santespirityèl #drtaika #levanjil #jesushaiti #jeziayiti #pastèayisyen #haitianpastor #haiti #haitian #ayiti #haitien #haitienne #ayisyen #kretyen #christianhaitian #kretyenayisyen https://www.instagram.com/p/Cg0ppW3sLy8/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
Pawòl la di pou nou kenbe lafwa. Sa fè nou konprann si nou pa veye nou ka pèdi li nenpòt lè. Fokis sou relasyon nou ak Bondye ede nou viv nan krentif pou li ki se sous sajès k ap pèmèt nou pale ak aji yon fason pou nou pa regrèt ni gen remò. Se pou Bondye gen pitye pou Legliz li! #santespirityèl #evanjelizasyon #kretyen #christianhaitians #haitian #ayisyen #kretyenayisyen #levanjil #gospelhaiti #pastèayisyen #haitianpastor #jeziayiti #jesushaiti https://www.instagram.com/p/Cgf4y09syr6/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🇭🇹Priyè yon Kretyen ki patriyòt! 👉Depi ou fè priyè sa, ekri Amen nan kòmantè pou ankouraje lòt yo fèl. #santespirityèl #jeziayiti #jesushaiti #levanjil #kretyen #kretyenayisyen #christianhaitian #pastèayisyen #haitianpastor #ayiti #haiti #haitian #haitienne #haitien #ayisyen https://www.instagram.com/p/CfvG61PsEwZ/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
Pa kite lènmi an fè ou konnen ou twò lwen pou tounen yon Kretyen ankò. Paske gras la pa fini tout tan ou nan lavi. Se sak fè, pa mize pou ranje koze ou ak papa ou. #santespirityèl #evanjelizasyon #levanjil #kretyen #haitian #haitianchristian #christianhaitian #ayisyenkretyen #haitianpastor #pastèayisyen #haitien #haitienne #gospelhaiti #lafwa #jeziayiti #jesushaiti https://www.instagram.com/p/CfnELqpJVRj/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
Amen Legliz! #santespirityèl #alokretyen #drtaika #legliz #haitian #christianhaitian #haitianpastor #pastèayisyen #levanjil #evanjelizasyon #kretyen #haitianchurch #jeziayiti #jesushaiti #ayisyen #kretyenlakay #kretyenayisyen https://www.instagram.com/p/CdCnYjaM449/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years
Photo
Tumblr media
🆘Men yon defi pou nou leve. 📚Siw santi li difisil pou ou, ajoute li nan rekèt priyè ou. Paske se Bondye pa jwe ak moun ki ògeye men li fè gras ak moun ki nan imilite. 👉pa bliye randevou chak samdi sou zoom nan , pou nou tout priye pou peyi nou ansanm. #santesprityèl #levanjil #kretyen #ayisyen #haitian #haitians #haiti #ayiti #jeziayiti #jesushaiti #haitien #haitienne #lunionfaitlaforce #ansanmnoufò #haitianpastor #pastè #christianhaitian #ayitilevanjjl #haitigospel #evanjelizasyon #haitievangelism #christhaiti https://www.instagram.com/p/Cbi_qZyJtrO/?utm_medium=tumblr
0 notes
drtaika · 3 years
Photo
Tumblr media
🔴Nou pa pi bon non, men kite nou la!🔴 Tout sa nou wè ki fè nou fyè ak kontan nou gen Jezi nan lavi nou, se rezilta gras la. N ap poze dousman anba gras la! N ap pataje pawòl la ak sajès ak lanmou. Paske se mèt travay la ki pou konvenk nanm ki egare yo, nou pa ka pi renmen yo pase mèt k ap rele yo a. 👉Pataje pou nou ede frè ak sè nou yo sonje se gras la ki jere nou, si non ògèy ka mete deyò nan wayom nan. #santespirityèl #ayisyen #kretyen #levanjil #haitian #haitien #haitienne #haiti #christianhaitian #legliz #haitianchurch #haitianpastor #pastè #haitianchristianity #jeziayiti #jesushaiti #evanjelizasyon #haitievangelism https://www.instagram.com/p/CaqZIPUJHKP/?utm_medium=tumblr
0 notes
drtaika · 3 years
Photo
Tumblr media
🔴Detwonpe nou🔴 Nou pa ka ap sèvi Bondye pou nou pa fè byen tankou Jezi te konn fè lè li t ap fonksyone ak disip yo! Depi ou kretyen oswa lidè ou pa fè byen, se zafè ou wap regle, men ou pap travay nan wayom Bondye a. Vi kretyen dwe aliye ak sa Jezi te konn fè. Epi tou, sonje rezime tout komandman se RENMEN. Sa vle di si zèv ou pa reflete lanmou, ou se yon enfiltre nan mitan pitit Bondye yo. Jan nou trete moun, jan nou sèvi moun, jan nou evanjelize moun dwe baze sou lanmou. 👉Ekri non yon moun, tag li, di l ou renmen li nan non Jezi. #santespirityèl #drtaika #haitianchristian #haitian #ayisyen #haiti #haitianchurch #legliz #levanjil #haitianpastor #pastè #pastèayisyen #leglizayisyen #kretyen #kretyenayisyen #jeziayiti #jesushaiti #evanjelizasyon https://www.instagram.com/p/CanMvjApeaK/?utm_medium=tumblr
0 notes