Tumgik
#alokretyen
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🇭🇹JISTIS POU PEYI NOU, NAN NON JEZI NOU PRIYE. AMEN! 📍Letènèl ki mèt lame yo, defan n Ayiti akoz non ou. 📍Defansè sa ki fèb yo, gen pitye pou peyi nou. 👉Nou rekonèt gen anpil derespektan majorite dirijan nou yo fè kont ou. Nou mande w padon pou sa. Se sa ki fè kòm sitwayen, nou remèt peyi nou ba ou, paske nou gen dwa sa. 📍Tanpri domine, epi louvri je nou pou nou chwazi moun ki nan plan devlopman dirab, lonè ak respè pou peyi nou. 📍Gen anpil nan nou ki konnen ou, k ap sèvi ou, ki renmen ou. 📍Ini tout moun pa ou pou byenèt peyi nou Papa. 🔥Fè sentespri aktive tout estrateji nan lespri nou, pou nou soti peyi nou kote nou ye a. 📍Tanpri leve yon jenerasyon Moyiz, Gedeon, Estè, Neyemi pou defann kòz, reprezante ak dirije Ayiti. 🇭🇹Fè peyi nou gras ak jistis nan non Jezi! #santespirityèl #alokretyen #jeziayiti #jesushaiti #levanjil #kretyen #haitian #haitien #haitienne #haiti #ayiti #ayisyen #linyonkretyen https://www.instagram.com/p/CjX_96wrU7z/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
📍Si ou fè priyè a di Amen! 👉Priyè sa ap pwoteje moun ki ap resevwa pawòl la, epi l ap ede gen mwens deriv nan mitan nou. #santespirityèl #alokretyen #levanjil #kretyen #legliz #hatianchurch #haitianpastor #pastèayisyen #ayisyen #haitienne #haitien #haitian #ayiti #haiti #jeziayiti #jesushaiti https://www.instagram.com/p/CjMyJppNJZv/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🔥Pa t ap gen ate si pa t gen Bondye 🙌 Menm fason pou moun ki vle fè nou kwè pa gen Bondye idantifye yo gen non Bondye ladan l😂 👏Woy a la yon Bondye sa papa! #santespirityèl #alokretyen #kretyen #kretyenayisyen #christianhaitian #levanjil #ayisyen #haitien #haitian #haitienne #legliz #haitianchurch #haitianpastor #jesushaiti #jeziayiti https://www.instagram.com/p/Ci2zCjHOCSS/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🇭🇹Yon feso pou nou ini nou nan lapriyè ap ouvri je nou sou chemen aksyon nou dwe fè kòm sitwayen peyi Bondye ban nou pandan nou sou tè a. 🇭🇹Gen Moyiz, Neyemi, Gedeon, Estè nan mitan nou. 🇭🇹N ap priye pou Bondye itilize nou pou reponn pou reponn priyè nou yo paske nou se patriyòt kretyen. 🇭🇹Se pou Bondye n ap sèvi a ede nou pran kontwòl peyi nou jan sa dwe ye, devlope peyi nou epi ban nou jistis ak viktwa sou tout lenmi peyi nou an nan tout sans, nan non Jezi nou priye. Amen! #santespirityèl #alokretyen #ayiti #haiti #haitien #ayisyen #haitian #kretyen #viktwapouayiti https://www.instagram.com/p/CixVMW6r-r6/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🇭🇹Bondye sove Ayiti! 🇭🇹Bondye beni Ayiti! 🙏Itilize nou pou pou sove Ayiti! 🙏Itilize nou pou beni Ayiti! #santespirityèl #alokretyen #kretyen #ayisyen #christianhaitian #kretyenayisyen #ayiti #haiti #ayisyen #haitien #haitienne #lespwapouayiti https://www.instagram.com/p/CioEtg3rx4U/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🚨Li pou ka ekri nimewo ou pi renmen yo nan kòmantè. 📍Depi nan kòmansman satan te anvi nan plas Yahweh a. 😎Malgre se Premye fwa li t ap rankontre moun Bondye kreye yo, li pa t menm gen yon idantite pou li prezante tèt li. Men, pou pawòl li te ka atire Èv, li te oblije itilize sa Bondye finn di pou li devye, konsa l a jwenn yon ti atansyon nan men kreyati Bondye yo. Sa ki tèrib la, menm devyasyon li vle fè a, se enpòtans Bondye ankò li te pwouve lè li te Èv se tankou Bondye l ap ye si li fè kontrè ak sa Kreyatè a te entèdi a. Li pa t menm gen yon bagay pou li te vann tèt li ki te ka atire Èv, si se pa t manti sou Bondye. Sa vle di, li te anvi nan plas Kreyatè a pou pawòl li te ka respekte pito. Sa ki tris men ki enpòtan pou nou jodi a, se malgre li di Èv se tankou Bondye l ap ye si li manje fwi a, Èv kite dout anvayi li tèlman, li chwazi pran pawòl satan pito pase Bondye li panse li pral vinn tankou li a depi li pa obeyi a. 🔴Ki nimewo ou t ap chwazi si ou ta nan plas Adan ak Èv? 1- 👉 Gen nan nou la ki pa t ap menm pran tan ap koute satan. 2- 👉Gen nan nou li t ap di, ebyen si se tankou li m ap ye si m manje fwi a, banm obeyi pawòl li a pito. 3- 👉Gen nan nou ki t ap tann lè Kreyatè vinn vizite pou nou di l sa, pou nou ka wè kijan l ap reponn avan nou ta reyaji sou pawòl Satan. 4- 👉Genyen tou ki t ap di, mèsi paske w ap veye pou nou. Epi k an nou vire, nou rete fokis sou sa Kreyatè a te di nou an. 5-👉 Genyen tou ki t ap chèche kote yon baton ye, pou kraze tèt satan pou li pa janm rantre nan koze nou ak Bondye ankò.🥊 🚨Tout sa vini nan lespri ou ki pa alinye ak pawòl Bondye, se manigans lènmi an pou li jere w menmjan ak Èv, ki pra l debouche sou rezilta ki pa t nan plan Bondye pou ou! #santespirityèl #alokretyen #drtaika #jeziayiti #jesushaiti #levanjil #kretyen #ayisyen #haitian #haitienne #haitien #haitianpastor #pastè https://www.instagram.com/p/Ch3YG8BjOVW/?igshid=NGJjMDIxMWI=
1 note · View note
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🔴Se pa djòlè non, men fòk nou konnen se Yahweh, Bondye n ap sèvi a ki pou bay pasaj sèlman. 🙌Se rezon ki fè, si nou vle jwi benefis yo, nou dwe sèvi li fidèlman. 👉Lè nou tonbe fòk nou kouri leve. 👉Lè nou nan batay, remèt li teren batay la. 📍Sak pi rèd la, gen bagay ki parèt defèt nan yon moman, men se demen n ap dekouvri se te sèlman yon okazyon pou plan Bondye te ka akonpli. N ape poze anba zèl lanmou li a. #santespirityèl #alokretyen #drtaika #jeziayiti #jesushaiti #levanjil #haitian #christianhaitian #haitianpastor #pastèayisyen #pastè #gospelhaiti #kretyenlakay #haiti #haitienne #haitien #kretyen https://www.instagram.com/p/Chi7wCDjlGf/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
🔴Ale di moun ki move lè yo aprann se Yahweh nou chwazi adore yo, dezole paske yo santi yo konsa men sa se biznis nanm nou n ap regle. 👉Fè konnen gen plas pou yo tou lakay papa nou yaweh depi yo pase pa pitit la Jezikri ki te etabli pon an lè nou pat ko wè valè li. 🙌Men lè je nou klè, nou pa ka sispann sèvi li menm lè nou nan moman ki tèrib, paske li toujou montre nou li la. Menm sa ki konn parèt defèt, li konn chanje yo tankou opòtinite pou glwa li. Sèl bagay di yo, lè yo vini nan kan pa nou an, fòk yo pa sensè, si non, y ap tounen ankò kote yo oblije ap pale sou nou pou yo santi y ap regle yon bagay la. Paske se vrè adoratè Yahweh ap chèche, moun ki ap adore nan lespri ak nan verite. Sak tèrib la, nou ka twonpe moun parèy nou, men Bondye n ap sèvi a pap pran san men pèsòn. #santespirityèl #alokretyen #drtaika #evajelizasyon #levanjil #kretyen #kretyenayisyen #haitian #ayisyen #christianhaitian #pastè #haitianpastor #pasteurhaitien #legliz #haitianchurch #gospelhaiti #haiti #ayiti https://www.instagram.com/p/ChRErqotR_D/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
Mezanmi an nou pa kite jalouzi tiye moun ki gen pwoblèm paske nou chwazi Jezi.😂 👉Fè yo konnen: 📍Jezi renmen yo tou. Se Jezi ki chwazi nou avan. 📍Se pou lavi nou la. 📍Lanmou nou gen pou Jezi a pa retire nan sa nou gen pou yo a. #santespirityèl #drtaika #alokretyen #levanjil #kretyen #haitianchristian #haitianpastor #gospelhaiti #christianhaitian #haiti #haitian #ayisyen #kretyenayisyen #haitien #haitienne https://www.instagram.com/p/ChKSw-srOJC/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
Kite dife Sentespri limen tande, 🔥pa kite pyès ti dlo ponpye vini baw presyon, paske ponpye pa ka etenn volkan. 🌋 Jodi a si ou ta wè se pandan Bondye finn restore lavi ou, pou wè lòt moun vle fè w sonje kijan ou te tonbe, se pa fòt ou. Sèlman lè konsa fè yon sonje pou yo rankonte kijan w ap briye pou Jezi kounye a, si yo ta gen wont ya wè yo pap sis nan douz yo t ap tann pou yo ri sou ou a. Si yo kontinye pale, Letènèl ap kontinye monte kapasite batri ou, pou briye nan je yo plis jiskaske yo rele je yo fè yo mal. #santespirityèl #drtaika #levanjil #haitianpastor #pastèayisyen #alokretyen #haitien #ayisyen #ayiti #haiti #kretyen #haitienne #gospelhaiti #levanjilayiti https://www.instagram.com/p/ChBOFr0LjCR/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
📍Si n ap priye pou Bondye ban nou yon peyi devlope ak pwospè, nou dwe mete tèt nou disponib pou si li ta vle itilize nou pou reponn priyè nou. 👉Lafwa san aksyon pa gen lavi, konsa nou pa ka jwi benefis lafwa. 🔥Nou ka wè kòman Jezi te toujou fè moun li ap fè mirak pou yo patisipe nan mirak yo. Paske fòk yo fè yon aksyon ki pwouve yo kwè Jezi ka fè l. 🇭🇹Si ou kwè Bondye ka delivre Ayiti, kòmanse panse tankou prezidan, minis, senatè depite ak tout lòt pòs politik, diplomatik, teknik yo. Paske se ou ankò li ka itilize pou fè devlopman. #santespirityèl #drtaika #kretyen #haitianchristian #pastè #haitianpastor #pastèayisyen #legliz #haitianchurch #alokretyen https://www.instagram.com/p/CgxAKrfJ7hL/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
Amen Legliz! #santespirityèl #alokretyen #drtaika #legliz #haitian #christianhaitian #haitianpastor #pastèayisyen #levanjil #evanjelizasyon #kretyen #haitianchurch #jeziayiti #jesushaiti #ayisyen #kretyenlakay #kretyenayisyen https://www.instagram.com/p/CdCnYjaM449/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 2 years
Photo
Tumblr media
📚Mwen nan group kote nou t ap diskite sou dezinyon ki genyen nan mitan menm lidè evanjelik yo. Men sa mwen te reponn nan komantè epi mwen panse gen plis nan nou ki ta byen bezwen li sa tou. Paske, nou dwe konnen sa nou wè ak tande yo Bib la pale sou yo tou. Sa vle di, menmlè sa ta rive nou tande gwo deblozay Pete yon lè, n ap sèlman mete disèneman nou disponib pou Bondye ouvri je nou sou sa ki pal yo, paske ennmi an se pi gwo manipilatè. 👉 Men repons lan: “Nou gen anpil priyè pou nou ta fè wi, men an nou pa estrese nou twòp paske se yon bon siy lè nou dekouvri kèk deriv nan mitan yo, paske se yon mwayen pou ede nou diferansye sa ki vrè ak sa ki fo yo jan Bib la pale de li a. Nou pap janm ka jwenn tout sa ki rele Pastè yo ini, men wap jwenn pitit Bondye vivan yo ini epi tout sa ki kont yo ap avili epi wont. Lè m di pa estrese pou sa, se paske mwen konnen gen Pastè se pa nan sèl mesaj yo tire pwen sou lòt, si non li t ap fasil anpil. Paske depi moun nan konnen li klè , li t ap kite lòt la rablabla. Men genyen tou ki vle manje lòt tou vivan, fè manti sou lòt la devan li, akize lòt la devan li, epi fè politik tankou peyi nou sèlman paske lòt la vle fè diferans. A la fen, viktwa ap toujou pou pitit Bondye yo💪paske Jezi vivan! “ #santespirityèl #drtaika #levanjil #kretyen #haitian #haitien #haitienne #ayisyen #ayiti #haitichristianity #christianhaitian #pastèayisyen #pastè #haitianpastor #alokretyen #kretyenlakay https://www.instagram.com/p/CcRTFsBJmsl/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years
Photo
Tumblr media
📣📢Alo Kretyen lakay! 📍Mande Bondye padon pou peche se youn, men reziste lè li vinn sou chemen nou ankò se pi gwo batay la. 📚Si nou rekonèt peche nou yo vre, nou dwe veye pou nou pa abize gras Bondye. Wi, nou ka peche. Men si tout tan se priyè padon pou menm bagay yo, sa demontre nou nan ipokrizi ak tèt nou paske nou poko deside tout bon pou pa esklav sa ki mete ou nan pwoblèm ak Bondye n ap sèvi a. Bondye pi mal pase yon gentleman, paske li kite ou ak volonte ou. Sa vle di, si ou pa envite l, li pap rantre. Si ou pa gen volonte a tout bon, l ap konnen sa paske se nan kè li gade. N ap priye, n ap reziste nan non Jezi! 👉Si ou renmen mesaj la, pataje ak zanmi ou, 👍like paj la epi lage yon amen plip 😂 #santespirityèl #drtaika #levanjil #alokretyen #kretyenlakay #kretyen #haitian #ayisyen #haitien #haitienne #haitianchristian #kretyenayisyen #haitianpastor #pastèayisyen https://www.instagram.com/sante.espirityel/p/CYucQHNJ1Sn/?utm_medium=tumblr
0 notes