#fiyanse
Explore tagged Tumblr posts
scenaristefadou ¡ 4 years ago
Text
" EXCESS LOVE "
EKRI PA : FADELÈNE AUGUSTIN
TÈKS : JUILLET 2021
EPIZÒD : 7
🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀
Philippe chita nan salon an ak Barbie zuzu a ap pran plezi l , fi sa tèlman renmen al kay Philippe anpil moun panse se la l rete .
SCÈNE 1 : BARBIE ZUZU A/PHILIPPE
BARBIE ZUZU A(ak yon vè Shampagne nan men l ap siwote) : M tande w ap òganize yon joune lanmè .
PHILIPPE : Se pa mwen k ap òganize l men se mwen ki chwazi plaj la .
BARBIE ZUZU A : Epi w pa t di m sa ?
PHILIPPE : M pot ko jwenn moman ideyal la .
BARBIE ZUZU A : Avè m pou w pase joune a wi .
PHILIPPE(gade l) : Kòmansa ?
BARBIE ZUZU A : M ap akonpanye w men se bò kote m pou w rete .
PHILIPPE : M pa timoun piti epi joune a se jis pou n relaks , m pa wè pouki m pral oblije chita yon sèl kote ap gade lòt moun yo k ap pran plezi yo non .
BARBIE ZUZU A(t ap leve vè a met nan bouch li , li tou pa fè sa ankò) : Sa vle di si w pati avè m se yon kote w pral chita ? (leve kanpe) gade m byen Philippe ! Èske w wè m sanble avèk ti restavèk ki te vin fè chyen nan pye w la ? Dayè m son fanm ki gen cham e m trè klasik , ou ta dwe fyè paske se mwen ki vle akonpanye w .
PHILIPPE(byen vag) : Depi lè w te vin mande m renmen an , m te mete w klè sou tout bagay .
BARBIE ZUZU A : Wi men w pa ka oze w ap di m ou pa pral ret chita yon sèl kote kòmsi m pral anbarase w .
PHILIPPE(se mennaj li , l ap eseye kalme l) : M pa t di sa pou fwase w amour .
BARBIE ZUZU A : Ou gen yon jwèt w ap jwe avè m Philippe , raple w m di w m pa ti restavèk ou a sèlman ...
PHILIPPE : Ou pa bezwen rive jis la bebe , vin chita sou mari w .
BARBIE ZUZU A(ap fè ti kapris) : M pa sou sa .
PHILIPPE : Ah bb !
BARBIE ZUZU A : Mwen pa sou sa
PHILIPPE(fè ti zye l dou) : Fè m plezi a amou , Silteplè bb .
Sèvant lan pot manje pou Philippe , li pa di eskize paske l konnen zuzu a te la deja . Li tou pwofite de moman sa pou l bay sèvant lan cho , li chita sou Philippe sansyèlman pwi l pase lang li sou bouch li .
BARBIE ZUZU A : Ou konnen m pa ka reziste w baby .
PHILIPPE(souri) : Epi w t ap fè kapris ?
Sèvant lan pa okipe l menm , li jis met bagay yo la pwi l soti . L al sote sou jeran an k ap antre nan kwizin nan tou dousman .
SCÈNE 2 : SÈVANT LAN/JERAN AN
SÈVANT LAN(byen fò) : Ey ! Sa w pèdi la ?
JERAN AN(sote) : Oh ! Makomè .
SÈVANT LAN : M pa nan makomè avè w , frenk di m sa w pèdi nan kwizin nan .
JERAN AN(met yon dwèt sou bouch li tou piti) : Pa pale fò , pa pale fò .
SÈVANT LAN : Kòman pou m pa pale fò a ? Plas ou se deyò l ye .
JERAN AN(ap eseye sansibilize l) : Se kote w m t ap vini , padon .
SÈVANT LAN : Ebyen m okipe , kòmanse soti .
JERAN AN : Se yon bagay m te tande , m te vin rakonte w . M pa t vle pou patwon an wè m men w pouse do m .
SÈVANT LAN(enterese) : Di m non .
JERAN AN(fè kòmsi l prale) : M pa bezwen di w ankò , se deyò plas mwen ye .
SÈVANT LAN(kenbe l) : Pa fè sa konpè , se fason m wè w t ap pase antre tankou yon vòlè a ki fè m te kouri dèyè w la .
JERAN AN : Ebyen fè travay ou , m pral netwaye lakou a .
SÈVANT LAN(ensiste) : Gentan di m avan w ale .
JERAN AN(ap fè ti rezistans) : Ah ! Lè m fini .
SÈVANT LAN : Se bagay sa m rayi avè w la wi .
JERAN AN(lonje tèt li pou l wè si gen manje nan chodyè a toujou) : Si pou m di w w ap banm manje pa m .
Sèvant lan tèlman renmen zen , li aksepte .
SÈVANT LAN(ap drese manje a e pale anmenmtan) : Si w fin fè m ba w manje a w pa di m koze a , m ap nan kont avè w wi .
JERAN AN(distrè nan dèyè sèvant lan) : Ay Bondye ! Gadon moso vyann , m santi m ta pran l pou m ap moulen l , byen souse l jiskaske m fin tete mezi ti dlo nan kò l ...
SÈVANT LAN(gade l) : Ak ki moun w ap pale la ?
Jeran an tèlman distrè ni l pa tande si y ap pale avè l , dam nan fè yon bri nan tèt li .
JERAN AN(li desann sou tè) : Adjeee ! Pou kalte bagay sa m wè w pote a , ou kwè patwon an pa gentan fè yon bèl kout tèt ladan l ? Kilè w ap banm yon bagay menm ? M byen renmen ou .
SÈVANT LAN : Sa w pèmèt ou di a ? (Li rale yon bale) flanke w deyò !
JERAN AN : Men... men ... Ou poko banm manje a .
SÈVANT LAN : M pa p bay pyès manje ankò , mete w deyò.
Li pran kouri dèyè jeran an nan tout kwen kay la , Philippe tande bri a li soti vin gade sa k genyen .
SCÈNE 3 : PHILIPPE/SÈVANT LAN/JERAN AN
JERAN AN(ap tranble kou fèy bwa) : Pa ... pa gen anyen non patwon .
SÈVANT LAN(byen move) : Jis anndan kwizin nan msye antre pou l al derespekte m patwon .
PHILIPPE : Eksplike m byen .
SÈVANT LAN : Se pandan m fin pot manje a ba ou , m kwaze avè l k ap antre nan kwizin nan sou pwent pye . Li mande m ti manje m al drese l pou m ba li , kareman l di m o gwòsè bagay sa l wè m pote a si w pa gentan vin bay kout tèt ladan l .
JERAN AN(bege) : Se pa vre non patwon , se blag m t ap fè wi .
PHILIPPE(fache pou l mouri) : Konbyen fwa pou m di w se deyò m mete w travay ? Sa w pèdi anndan an jiskaske w vle antre nan pèsonalite m ? Ou bezwen manje se pou w tann yo pote l ba ou .
JERAN AN(met tèt li atè tou wont) : Se pa fòt mwen non patwon , se blag m t ap fè wi .
PHILIPPE(monte vwa l) : Kit se blag ou t ap fè ou non , se deyò m te ba w travay .
JERAN AN : Ebyen padone m patwon , sa pa p rive ankò .
PHILIPPE : Ou mèt kòmanse prepare w pou w ale , ou pa bezwen travay isi a ankò .
JERAN AN(met ajenou nan pye l) : Silteplè patwon , m pa p fè sa ankò . Si w revoke m kisa m pral manje ?
PHILIPPE : Se alèz ou te alèz , m pa bezwen w isi a ankò . Chache yon lòt kote .
San yon rega anplis , li vire antre .
SÈVANT LAN(gade jeran an ki blayi atè a ak de ran dlo nan zye l) : Wa kite soumoun !
Li vire ale . Jeran an ret kouche atè a ap kriye , kèk minit apre Philippe pot kòb travay li a ba l pou l ale . Barbie zuzu a al nwi sèvant lan nan kwizin nan .
SCÈNE 4 : BARBIE ZUZU A/SÈVANT LAN
BARBIE ZUZU A(gade l anba pou monte) : Dat w ap fè ti afè w avè l anba chal , w ap vin pran pòz ti sa l di a blese w ? Kòm si Philippe pa t ka ba w ti kout tèt la vre ?
SÈVANT LAN(vire gade l) : Pouki w pa veye afè w pito madanm ? Ou pa wè se travay mwen m ap fè la ?
Te gen yon twal chodyè nan men sèvant lan , li rale l .
BARBIE ZUZU A(ak mepri) : Ki travay posib ? Mwen m plis wè w sanble ak yon restavèk .
SÈVANT LAN(santi l agase) : Kòmsi restavèk yo pa moun tou yo menm ? Bon pito w te yon restavèk ou ta miyò !
BARBIE ZUZU A(pran ri byen fò) : Ey ! Ey ! A Ki moun w ap pale konsa ? Ou genlè pa konn si se mwen ki patwòn isi a ? Si w pa t konnen m di w sa , Philippe se fiyanse m ou dwe respekte m .
SÈVANT LAN : Depi m konnen m pa p travay avè w , pa gen okenn lòd ou m pral obeyi .
BARBIE ZUZU A : Ebyen w ap gentan konnen ! Ou genlè panse m pa ka fè yo revoke w menm jan w fè yo revoke jeran an tou ?
SÈVANT LAN : Plen lòt kote ki bezwen yon bon sèvant tankou m , se pa sèl la ki genyen kòm kote pou m travay .
BARBIE ZUZU A : A bon ? Dakò , m pral montre w sa m peze !
Li voye twal chodyè a nan figi dam nan epi l vire ale byen move .
SÈVANT LAN : Sa pa ka fè m mache .
Li kontinye fè sa l t ap fè a byen trankil , Barbie zuzu a al pote Philippe plent .
PHILIPPE(wè l ap vini byen move) : Sa w genyen w fache konsa baby ?
SCÈNE 5 : BARBIE ZUZU A/PHILIPPE
BARBIE ZUZU A : Epa sèvant ou an ki sot derespekte m la ?
PHILIPPE : Kòmansa ?
BARBIE ZUZU A(lage kò l sou kanape a tankou yon lourdeau) : M t al chèche fè l wè rezon pou jeran an l fè w revoke a , fi a pa menm tann mwen fin pale li voye m anlè l pa atrap mwen .
PHILIPPE : Kòman l voye w anlè l pa atrap ou a ?
BARBIE ZUZU A : M jis di l li te sipoze padone jeran an olye l te fè w revoke l , se rete m rete m wè fi a monte sou mwen nenpòt kòman . Li menm joure m restavèk , m sezi wi .
PHILIPPE : Pou premye fwa nan vi m , m pa kwè nan sa w di a .
BARBIE ZUZU A : Kòman w pa kwè m nan Philippe ? Epa mennaj ou m ye ? Pouki pou m ap ba w manti la ?
PHILIPPE : Ebyen kisa w vle m fè ?
BARBIE ZUZU A : Pou w pale avè l pou mwen pou l banm respè m sinon ...
PHILIPPE : Sinon kisa ?
BARBIE ZUZU A : Sinon w ap revoke l papi .
PHILIPPE(santi l pèdi) : Fò m reflechi avan bb , m pa ka kouri revoke l konsa .
BARBIE ZUZU A : Men si se jeran an , ou ta kouri revoke l pa vre ? Tout lide m di m ou nan yon bagay avè l vre .
PHILIPPE : Pouki w gentan ap doute la ? M pa jan de moun ou panse a .
BARBIE ZUZU A : Ou pa t ap janm di wi , m konn sa .
PHILIPPE(ap eseye konvenk li) : M pa ka kouri revoke sèvant lan konsa , ou byen konnen byen se li k fè tout bagay la . Si m revoke l , kimoun ki pral fè manje ?
BARBIE ZUZU A : M pa di w pou w kouri revoke l , m di w pou w fè l banm respè m sinon w ap revoke l pou w pran yon lòt sèvant .
PHILIPPE : M ap pale sou sa avè l pita ...
BARBIE ZUZU A(replike byen rapid) : M pa nan pita , si w pa ka fè sa kounya n ap tou kite Philippe !
2 notes ¡ View notes
jdemerson ¡ 5 years ago
Text
Tumblr media
VIV POU W FÈ KÈ MOUN KI RENMEN W YO KONTAN
Moun ki renmen w yo pa bezwen w fre, rich, pou yo souri ba w e chache konnen kòman w ye chak maten. Nenpòt ti tèt fè mal ou se sousi yo. Yo pa gade sou pase w pou jije w ni swete malè pou ou. Dayè, siksè w se siksè yo. Depi w soti, y ap tann ou antre.
Yo konn tèlman afeksyone w, ou konn santi w wont paske yo fè w santi w moun. Se yo k ap la lè w malad, lè w ap marye jiskaske y al depoze w nan simityè.
M di w tout sa pou m fè w konnen w p ap janm gen konba sa a ki fè w panse w ka fè tout moun plezi. Moun ki renmen w yo renmen w deja e yo renmen w nèt. Yo pa bezwen w plis ni mwens ou menm, yo jis renmen w.
Sispann depanse pou fè w parèt moun, ou moun deja. Si yo pa aksepte w jan w ye a, tanpi pou yo. Viv pou moun ki renmen w yo pandan w ap atire sila ki vle renmen w. Ou pa ka fòse bonè vin jwenn ou. Yon moun pa renmen w, se dwa l, tande paran w, konjwen w, fiyanse w, bon zanmi w k ap rele w pou w vin manje, dòmi, antre pou malè pa rive w. Se yo ki renmen w.
Fè byen w ap fè a. Bay sa w ap bay la ak tout kè w. Aprann metye w la, fè travay w ap fè a byen. Respekte moun. Pa anvye afè moun. Gad nan pa w. Fè efò pou w rann pwòch ou kontan. Di R.I.P ak tout moun ki bezwen w desann valè w pou yo aksepte w kòm zanmi.
Avan w poste foto w la, tèks ou a, videyo w la, avan w di sa w panse a, sonje gen moun k ap kontan e lòt k ap fache. Asime responsablite w, pran vi w ak de men, kanpe dèyè sa w fè a, ret moun ou ye a, fè sa k ap bon pou ou a. Se la bonè w tande tout moun ap pwomennen chache a ye. Se senp.
Pa gate pwojè w la, pa kanpe sou wout la, pa chanje koulè po w pou w parèt moun, pa wont ou se andikape, ou apye, ou rete nan kay tòl, ou pa gen sa li posede a, pandan w ap viv pou w fè tèt ou plezi.
Aprè Bondye, manman w ak papa w se meyè fanatik ou. Ou pa bezwen fè gòl osinon byen chante pou yo aplodi w. Renmen ki nan kè yo pa gen parèy. Egzistans ou se pi gwo viktwa pou yo chak jou.
M regrèt sa pou ou si w panse w renmen Ronaldo ak Messi pase manman ak madanm yo. Kite fanatik detwi relasyon w ak zanmi w pou moun ki pa menm rekonèt ou e k ap travay pou fè kè moun ki kontan renmen yo.
Ala malere ou malere nan viv pou fè moun plezi. Meyè kado yo rezève pou ou se yon bèl rad pou al nan fineray ou..
OU DWE VIV POU W VIV!
RETIRE W NAN ESKLAVAJ MANTAL LA!
JDE
27 jiyè 2020
1 note ¡ View note
ernstb74batcrew ¡ 6 years ago
Text
I did this song for my fiancee befor she say YES
彼女がYESと言う前に私は私の婚約者のためにこの歌をしました
Hice esta canciĂłn para mi prometida antes de que ella dijera SI
Ho fatto questa canzone per la mia fidanzata prima che lei dica SÌ
在她说“是”之前,我为未婚妻做了这首歌
Mwen te fè chante sa a pou fiyanse mwen anvan li di WI
I Ek het hierdie liedjie vir my verloofde gedoen voordat sy JA sĂŞ
Available on YOUTUBE https://youtu.be/VPhl6QddGuU
6 notes ¡ View notes
juno7haiti ¡ 3 years ago
Text
Nan kontra avan maryaj, JLo egzije ak Ben Affleck pou fè sèks ak li pou pi piti 4 fwa pa semèn
Nan kontra avan maryaj, @JLo egzije ak @BenAffleck pou fè sèks ak li pou pi piti 4 fwa pa semèn.- #Juno7 #J7Avr2022
Nan kontra avan maryaj, Jennifer Lopez egzije ak Ben Affleck pou fè sèks ak li 4 fwa pou pi piti nan yon semèn. Si yon bò gen relasyon A$AP Rocky ak Rihanna k ap fè pale de li, yon lòt bò gen relasyon Jennifer Lopez ki gen ti non JLo k ap fè pale tou ak aktè Ben Affleck. Daprè jounal dominiken an Diaro Libre, 2 moun sa yo ta sou wout marye aprè yo te fin fiyanse. Pou moun sa yo arive di “Wi”, gen…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
feddyzx ¡ 5 years ago
Photo
Tumblr media
Relasyon sa gentan kraze, fiyanse lage pye l.😆 https://www.instagram.com/p/B_98sfwA913nDihg-3N2UhfK7wYH7Ze6dQKy2Q0/?igshid=5dm76pcxtta2
0 notes
beauclesca ¡ 5 years ago
Photo
Tumblr media
❤️🇭🇹 How can I forget the year of 2019 in which my beloved firstborn son was born? In addition to 2016 where I met Da, 2017 we got engaged, and 2018 where we got married, 2019 has been a blessed year. Those years will stay with me till my last breath. I also wish to see better years to come. ❤️🇭🇹 Kòman m’ ka bliye ane 2019 la ladann premye pitit gason m’ m’renmen anpil la te fèt. Anplis 2016 lè my rankontre Da, 2017 nou fiyanse, 2018 nou marye, ane 2019 la s’on ane k’ beni. Ane sa yo ap rete avè m’ jouskaske souf mwen koupe. M’ swete tou pou m’ wè ane k’ miyò k’ap vini. (at Lord & Taylor) https://www.instagram.com/p/B6l6ijZgI-y/?igshid=3f6jgycc44jm
0 notes
umukunzimwiza ¡ 6 years ago
Text
Ishyamba si ryeru hagati ya Diamond na Harmonize
Ishyamba si ryeru hagati ya Diamond na Harmonize
Ishyamba si ryeru hagati ya Harmonize na Diamond Platnumz yise umunyagasuzuguro amuziza kumena ibanga ry’uko wahoze umurinzi we yaryamanye na fiyanse we w’umuzungu.
Mu ndirimbo nshya Inama, Diamond yasohoye afatanyije na Fally Ipupa, yaririmbye asobanura impamvu yirukanye umurinzi Mwarabu Fighter bari bamaranye igihe.
Yagize ati “Ndorera nawe kubera urukundo Harmonize yatumye nirukana Mwarabu ku…
View On WordPress
0 notes
touchrwanda ¡ 6 years ago
Text
Ishyamba si ryeru hagati ya Diamond na Harmonize
Ishyamba si ryeru hagati ya Diamond na Harmonize
Ishyamba si ryeru hagati ya Harmonize na Diamond Platnumz yise umunyagasuzuguro amuziza kumena ibanga ry’uko wahoze umurinzi we yaryamanye na fiyanse we w’umuzungu.
Mu ndirimbo nshya Inama, Diamond yasohoye afatanyije na Fally Ipupa, yaririmbye asobanura impamvu yirukanye umurinzi Mwarabu Fighter bari bamaranye igihe.
Yagize ati “Ndorera nawe kubera urukundo Harmonize yatumye nirukana Mwarabu ku…
View On WordPress
0 notes
port-salut ¡ 6 years ago
Text
KEK PRENSIP SAVWA VIV NOU DWE KONNEN...
Le w rive an reta nan yon lye piblik tankou legliz pa ekzanp , depi aktivite a deja komanse ou dwe chita deye;
Le w al partisipe nan yon aktivite, pa janm kouri chita nan premye plas yo. Pito yo di w leve vin devan olye leve al deye paske plas devan yo te rezeve pou lot envite;
Le w rive nan yon biwo yon moun, ou pa dwe apiye sou tab li le wap pale ave l;
Le w ale kay yon moun toutotan li pa di w chita ou pa dwe chita sou chez li;
Depi se pa kay prive w kelkeswa kote w rive ki gen pot oubyen batte menm si yo louvri ou dwe frape pou met espas la otorize w antre;
Le w rele yon moun 2 fwa nan telefonn e telefonn lan sonen normal epi wel pa dekwoche, pa pesiste tann li rele w apre;
Le yon moun rele w nan telefonn se li menm pou tann rakwoche le konvesasyon an fini;
Le w rankontre yon otorite oubyen yon pesonaj, se li menm pou tann lonje lanmen ba w avan;
Si toutfwa wap salye yon fi epi w lonje lamen ba li, ou pa dwe peze men li byen di;
Le w al manje nan restoran ou pa dwe ap kraze zo, se manje vyann lan kite zo a;
Le yon moun adrese w an kreyol ou dwe reponn li an kreyol se bon pou nempot lot lang ke moun nan pale;
Le w rankontre yon moun ou pa konnen premye fwa, jis fe yon salitasyon senp pa kouri anbrase l nou renmen bo fi twop;
Le yo invite w al manje menm si grangou tap tiye w, ou pa dwe montre sa, pa manje anpil e pa montre w se voras pran san ou pou manje byen tankou tout moun;
Le w rive yon kote epi pral mande yon sevis oubyen sou rezo sosyo yo, ou dwe sonje 4 mo sa yo :
1-Salut /bonjour /bonsoir
2-S'il vous plaĂŽt
3-Merci
4-Au revoir /bye
Le w ap pale ak yon otorite oubyen yon pesonaj, ou dwe itilize “Mesye" ou “Madam" si se franse wap pale ou itilize “vous” olye “tu”;
Le w ap pale ak yon pwofesyonel ki pat kondisip ou, ou dwe adrese l ak tit li pa ekzanp : dokte entel, Mis entel, Met entel, ofisye entel, ou Mesye entel ou Madan entel;
Le w rive yon kote ou jwenn yon moun ap manje, ou pa dwe lonje lamen ba li ou jis salye l ou fini;
Ou pa dwe poste yon foto w sou Facebook pou pati intim ou paret toutouni. Ou dwe mande tet ou kisa w ap vann;
Kelkeswa sikonstans lan ou pa dwe pale mari w, madanm ou mennaj ou mal ak etranje le w fe yon bagay konsa yo trete w kom vye moun;
Depi w pa fiyanse oubyen marye ak yon moun pa plede ap poste foto li e fe chowof sou rezo sosyo pou pi devan pou pa fristre le w wel poste ak yon lot moun;
Avan ou pran lari, al nan aktivite w oubyen voyaje, toujou chèche gen kontwol ode soulye ki nan pye w, tcheke anba bwa w bwose bouch ou pou pa deranje moun ki bo kote w la e pou moun pa pale w mal;
Fok ou fe anpil prekosyon nan sans sa paske sosyete sa pa p padone moun ki pa respekte ti prensip sa yo;
Le w nan yon liy tann tou pa w la rive pou pase, pito w pase an denye ak lone olye w kraze liy lan pou pase an avan epi w soti wont;
Pa minimize ni devalorize lot ni fe okenn moun desepsyon paske youn konn bezwen lot lan lavi a;
Toujou bay verite pou kap gade tout moun nan zye e pou pa mache tĂŞt bese paske twou manti pa fon;
Toujou respekte moun pou yo kapab respekte w e pa bliye tout sa w vle yon moun fe pou w depi w kapab fel pou li se fel avan ak tout kew;
Aprann pataje sa w genyen ak lot, eseye solidĂŠ ak moun ki lan bezwen e pa janm ri malĂŠ lot moun;
Pa janm sispann fe byen e toujou aprann padone moun ki fĂŠ w mal.
Le w santi w vle dekouraje chache yon zanmi pou chanje lide, chache fe yon aktivite pou fĂŠ w bliye trites ak dezolasyon;
Toujou chache mwayen pou boujonnen lespwa pou moun ki lan anvironnman ou, pataje konesans ou ak lot e pa sispann bay bon konsey pou yon lavi miyo.
0 notes
paroissedumont ¡ 6 years ago
Text
KEK PRENSIP SAVWA VIV NOU DWE KONNEN...
Le w rive an reta nan yon lye piblik tankou legliz pa ekzanp, depi aktivite a deja komanse ou dwe chita deye;
Le w al patisipe nan yon aktivite, pa janm kouri chita nan premye plas yo. Pito yo di w leve vin devan olye leve al deye paske plas devan yo te rezeve pou lot envite;
Le w rive nan yon biwo yon moun, ou pa dwe apiye sou tab li le wap pale ave l;
Le w ale kay yon moun toutotan li pa di w chita ou pa dwe chita sou chez li;
Depi se pa kay prive w kelkeswa kote w rive ki gen pot oubyen barye menm si yo louvri ou dwe frape pou met espas ou pwopriyete la otorize w antre;
Le w rele yon moun 2 fwa nan telefonn e telefonn lan sonen normal epi wel pa dekwoche, pa pesiste tann li rele w apre;
Le yon moun rele w nan telefonn se li menm pou tann rakwoche le konvesasyon an fini;
Le w rankontre yon otorite oubyen yon pesonaj, se li menm pou tann lonje lanmen ba w avan;
Si toutfwa wap salye yon fi epi w lonje lamen ba li, ou pa dwe peze men li byen di;
Le w al manje nan restoran ou pa dwe ap kraze zo, se manje vyann lan kite zo a;
Le yon moun adrese w an kreyol ou dwe reponn li an kreyol se bon pou nenpot lot lang ke moun nan pale;
Le w rankontre yon moun ou pa konnen premye fwa, jis fe yon salitasyon senp pa kouri anbrase l nou renmen bo fi twop;
Le yo invite w al manje menm si grangou tap tiye w, ou pa dwe montre sa, pa manje anpil e pa montre w se yon voras, pran san ou pou manje byen tankou tout moun;
Le w rive yon kote epi pral mande yon sevis oubyen sou rezo sosyo yo, ou dwe sonje 4 mo sa yo :
1-Salut /bonjour /bonsoir
2-S'il vous plaĂŽt
3-Merci
4-Au revoir /bye
Le w ap pale ak yon otorite oubyen yon pesonaj, ou dwe itilize “Mesye" ou “Madam" si se franse wap pale ou itilize “vous” olye “tu”;
Le w ap pale ak yon pwofesyonel ki pat kondisip ou, ou dwe adrese l ak tit li pa ekzanp : dokte entel, Mis entel, Met entel, ofisye entel, ou Mesye entel ou Madan entel;
Le w rive yon kote ou jwenn yon moun ap manje, ou pa dwe lonje lamen ba li ou jis salye l ou fini;
Ou pa dwe poste yon foto w sou Facebook pou pati intim ou paret toutouni. Ou dwe mande tet ou kisa w ap vann;
Kelkeswa sikonstans lan ou pa dwe pale mari w, madanm ou mennaj ou mal ak etranje le w fe yon bagay konsa yo trete w kom vye moun;
Depi w pa fiyanse oubyen marye ak yon moun pa plede ap poste foto li e fe chowof sou rezo sosyo pou pi devan pou pa fristre le w wel poste ak yon lot moun;
Avan ou pran lari, al nan aktivite w oubyen voyaje, toujou chèche gen kontwol ode soulye ki nan pye w, tcheke anba bwa w bwose bouch ou pou pa deranje moun ki bo kote w la e pou moun pa pale w mal;
Fok ou fe anpil prekosyon nan sans sa paske sosyete sa pa p padone moun ki pa respekte ti prensip sa yo;
Le w nan yon liy tann tou pa w la rive pou pase, pito w pase an denye ak lone olye w kraze liy lan pou pase an avan epi w soti wont;
Pa minimize ni devalorize lot ni fe okenn moun desepsyon paske youn konn bezwen lot lan lavi a;
Toujou bay verite pou kap gade tout moun nan zye e pou pa mache tĂŞt bese paske twou manti pa fon;
Toujou respekte moun pou yo kapab respekte w e pa bliye tout sa w vle yon moun fe pou w depi w kapab fel pou li se fel avan ak tout kew;
Aprann pataje sa w genyen ak lot, eseye solide ak moun ki lan bezwen e pa janm ri male lot moun;
Pa janm sispann fe byen e toujou aprann padone moun ki fĂŠ w mal.
Le w santi w vle dekouraje chache yon zanmi pou chanje lide, chache fe yon aktivite pou fĂŠ w bliye trites ak dezolasyon;
Toujou chache mwayen pou boujonnen lespwa pou moun ki lan anvironnman ou, pataje konesans ou ak lot e pa sispann bay bon konsey pou lavi miyo.
Jean-Marie MondĂŠsir
Juriste haĂŻtien
Sitwayen pawas Dumont
0 notes
netalkolemedia ¡ 7 years ago
Text
AN KREYÒL - SELEBRITE : Fatima Altieri fiyanse
AN KREYÒL – SELEBRITE : Fatima Altieri fiyanse
Sa fè kèk tan Fatima ap byen pase an Ewòp. De Itali, a Espay pou bout Lafrans.
Nouvèl gaye sou rezo sosyal yo, Facebook, Instagram atis la nou ka wè aklè foto l poste ak bag li nan dwèt li.
Bèl chantèz la ki fenk sot fete sèlman 25 lane li, 20 septanm pase a. Lage yon buzz nan endistri a.
Fwa sa se pa Sagrada Familia, ni de la Placa de San Felipe men pito se foto ak bag li nan dwèt li.
Se te nan…
View On WordPress
0 notes
gzd-blog1 ¡ 10 years ago
Photo
Tumblr media
🌒 #fiyanse
0 notes
juno7haiti ¡ 4 years ago
Text
Nouveau DĂŠpart: Blondedy Ferdinand pale ak Juno7 sou nouvo album li an
Nouveau DĂŠpart: Blondedy Ferdinand pale ak #Juno7 sou nouvo album li an.- #J7Jui2021
Sou paj Instagram li, Blondedy Ferdinand fè yon anons piblik yè jedi a pou enfòme fanatik li yo sou yon nouvo pwojè ki pote non “Nouveau Départ”, ki se yon album li gen pou li sòti. Nan yon ti pale li fè ak redaksyon Juno7 , fiyanse D-Perfect la te pwofite eksplike kisa “Nouveau Départ” vle di pou li. Daprè eksplikasyon li yo, se yon fason pou montre lavi l rekòmanse, li pran yon lòt sans kit nan…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
beauclesca ¡ 8 years ago
Photo
Tumblr media
Lè fiyanse w' pa wè lòt malgre ou pa bon. When your fiancée don't see anyone else in spite of your being a dick.🇭🇹❤👫💎💍 (at New Jersey)
0 notes
beauclesca ¡ 8 years ago
Photo
Tumblr media
Sanmsanm 🇭🇹: M' pa vle pale de lanmou, men m'ap di w' si w' poko gen yon moun ki sousye de ou, gen yon eksperyans ke w' poko fè. Fiyanse mwen p'ap manje anyen pou l' pa kite pou mwen non. Menm yon sanmsanm l'ap manje, li kite ladann pou mwen. Sa a kool. I don't wanna talk about love, but I'm telling you if you've never had anyone who cares for you, there's an experience you haven't made. My fiancée won't eat anything without sharing it with me. Even a "sanmsanm" she's eating, she leaves me some. That's cool.🇭🇹😂❤💍💎🍆👫🎂 (at New Jersey)
0 notes
gzd-blog1 ¡ 10 years ago
Photo
Tumblr media
O kadar güzel yağdı ki, böyle de güzel yansıdı yere. ☔️ #fiyanse (hier: Sarıyer Sahili)
0 notes