#lidèchip
Explore tagged Tumblr posts
Text
Matthew J. Smith, Ph.D. Smith se Konferansye Senior nan Depatman Istwa ak Akeyoloji nan University of the West Indies nan Mona, Jamayik. Li se otè Red and Black in Haiti: Radicalism, Conflict, and Political Change, 1934-1957 (2009). " Nan plizyè fason, Ayiti te antre nan epòk politik modèn li a ak Revolisyon 1946 la. Konfli koulè ak klas nan peyi a te vin pi apwofondi anba lidèchip Elie Lescot, ki te pran plas Prezidan Sténio Vincent an 1941. Lescot te dirije ak yon men fèm e tankou Vincent te konte anpil. Garde d'Haïti (ansyen jandamri a) pou l te kenbe dominasyon l, men li pa t kapab kenbe enpilsyon radikal yo te deklannche nan viktwa fòs alye yo an 1945. Jèn maksis ann Ayiti te enspirasyon anpil nan Revolisyon Ris la, Gè Sivil Panyòl, maksis fransè yo, André Breton ak mouvman sirealis la ak jenerasyon kominis ayisyen anvan yo, sitou powèt maksis la selebre Jacques Roumain, ki gen renome ak lejand te grandi apre lanmò toudenkou li an 1944.
Defi revolisyonè nan pwennvi yo, etidyan maksis sa yo, ki gen ladann ekriven don Jacques Stephen Alexis, René Depestre, ak Gérald Bloncourt, te non sèlman ajite pa elit abi pouvwa politik, men tou, entèferans nan peyi Etazini nan politik ak ekonomi Ayiti. pandan GMII. Nan edisyon Nouvèl Ane 1946 nan ògàn yo La Ruche, yo te mande pou yon reoryantasyon dramatik nan politik ayisyen an ak yon fen nan diktati an Ayiti. Fèmti fòse Lescot nan laprès te pouse yon pwotestasyon etidyan an mas ki te dirije pa manm kolektif La Ruche. Nan kèk jou, manifestasyon etidyan an te vin tounen yon gwo grèv nan tout peyi a. Yon Lescot dekouraje te oblije demisyone.
Apre "Revolisyon 1946" Ayiti te fè eksperyans yon peryòd gwo aktivite radikal. Pou la pwemye fwa nan listwa peyi a, te gen yon rafal jounal radikal ak plizyè douzèn pati politik ki te fòme, ki gen ladan plizyè enpòtan pati gòch. Pami yo te gen yon Parti Communiste Haïtien (PCH) ak Parti Socialiste Populaire (PSP) ki te reviv. PSP a te dirije pa ansyen alye Roumain e li te gen pi fò koneksyon ak gwoup maksis nan Kiba, Repiblik Dominikèn, ak Etazini.
Men, se gwoup noiriste yo ki te gen pi gwo enfliyans an 1946. Radikalis noiriste te dwe anpil nan ekspansyon konsyans nwa nan ane karant yo ak devlopman an reta nan yon mouvman travayè an 1946. Figi dirijan nan mouvman travayè a ak nan mouvman travayè a. epòk pre-Duvalier te san dout Daniel Fignolé. Fignolé se te yon jèn pwofesè matematik ak ekriven ki te soti nan yon orijin riral pòv, li te yon oratè ki te gen yon don ekstraòdinè ak yon apeti fenomenn nan mitan majorite vil yo nan Pòtoprens. Aparisyon Fignolé sou sèn politik la an 1946 te atribiye a abilite inik li pou pwofite enkyetid majorite ayisyen yo nan diskou dramatik ki te bay an kreyòl.
Ekriven Noiriste yo te konsidere Fignolé kòm yon egzanp sou espwa yo ak gwo swiv li te wè l kòm yon sovè anba dominasyon politik boujwazi a. Pati Fignolé a, Mouvement Ouvrier et Paysan (MOP) te fòme an 1946 e li te vin pi gwo òganizasyon travayè nan listwa Ayiti. Malgre mayetis Fignolé a, ak ajanda radikal maksis yo, Etazini ak Garde d'Haïti, te rete pi gwo pouvwa an 1946. Sou direksyon Garde yo te òganize eleksyon 16 out e sa te lakòz viktwa. Dumarsais Estimé, yon depite nan Verettes ak senpati noiriste. Administrasyon katran Estimé a te pwouve se youn nan pi pwogresis nan ventyèm syèk la." " Gérald Bloncourt, Jacques Stephen Alexis, ak René Depestre, ak zanmi. Nan Unité, vol. 2, no 9" Sous : http://islandluminous.fiu.edu/part09-slide14.html http://www.dloc.com/UF00072338/00011
#Ayiti#Haitian Revolution 1946#Jacques Stephen Alexis#René Depestre#Gérald Bloncourt#Caribbean archives
3 notes
·
View notes
Text
Akò Montana pran distans li ak dokiman sou kreyasyon Wo konsèy tranzisyon an
Akò Montana pran distans li ak dokiman sou kreyasyon Wo konsèy tranzisyon an
Nan yon nòt piblik ki pote dat 25 septanm 2022, Biwo swivi akò Montana a nan tèt kole ak lòt ògan ki andedan l yo pran distans ak dokiman sa ki ta elabore sou lidèchip BINUH ak yon dirijan VDH nan lide pou jwenn yon konsansis nasyonal k ap mennen sou wout eleksyon. Biwo swivi akò Montana ansanm ak Konsèy nasyonal tranzisyon an denonse inisyativ sa BINUH lanse a kote dokiman sa k ap sikile a ki…
View On WordPress
0 notes
Photo
⚠️Plede repete menm bagay yo depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn, ap antere peyi nou plis. 🆘Tout tan nou pa admèt epi travay pou nou gen bon sistèm politik, diplomatik ak lidèchip, n ap toujou nan goumen youn ak lòt, touye youn lòt, pa konnen kijan pou nou renmen peyi nou ak kòman pou nou pwoteje ak defann li. 🆘Si ou pa vle fè politik pa pran pretèks se paske tout peyi a pa pratike yon sèl relijyon oswa nenpòt jan nou ta rele zafè espirityel nou ladanl lan. 🔴koman nou fè baze pwoblèm peyi nou sou sa ki gen rapò ak bagay pèsonèl nou konsa⁉️ Zafè espirityalite se yon chwa li ye, chak moun gen diferan fason yo regle zafè koneksyon lespri yo ak lespri ki fè yo byen epi tou erezman nou pa gen yon peyi ki prive nou dwa sa kòm moun. Wi ou ka priye pou peyi ou menmjan ou priye pou tèt ou ak fanmi ou. Wi ou ka fè maji ak rele lwa pou byenèt peyi ou menmjan ou fèl pou regle zafè ou ak fanmi ou. Men zafè dirije peyi menmsi ou se Kretyen oswa yon lòt sèk, gen prensip politik, diplomatik ak lidèchip ki obligatwa. 📝 Volonte ak popilarite pa sifi pou dirije yon peyi. Paske gen anpil pyèj sitou pou yon peyi tankou pa nou an ki ouvri je mond lan, epi ki te defye pi gwo pisans militè 1803 ki kounye a se alye sa ki pi gran pase nou yo. 👉An nou tout jere nanm nou oswa relasyon espirityel nou pèsonèl, sispann fè parese pou pa mete men nan pat la pou bay relijyon responsabilite nou chak genyen kòm sitwayen. An nou tout mobilize pou nou chwazi otorite yo sou baz lidèchip yo plis pase pwomès, pwogram politik yo ki baze sou devlopman dirab ak fason nou wè yo opine sou zafè diplomatik peyi nou ki yon gwo zam pou souverènte peyi nou ak devlopman tou. 👉Pandan n ap chèche rezoud pwoblèm kounye a yo, an nou tou travay pou prevansyon yo si demen yo ta parèt ankò pou nou pare, pou yo pa afekte nou menmjan ankò. #evexiakreyòl #haitien #haiti #ayisyen #ayiti #byenètayiti #haitian #lunionfaitlaforce #ansanmnoufò https://www.instagram.com/p/CaKoJ0cLfaY/?utm_medium=tumblr
0 notes
Photo
RCNS ap pare pou lanse Somè Mondyal sou Lidèchip nan Pòdepè Regwoupman Kretyen pou yon Nouvèl Sosyete (RCNS) ap pare pou lanse yon konferans videyo preyanrejistre k ap pwojte sou gran ekran.
0 notes
Photo
Mesaj pou tout ayisyen swa ki te kandida nan eleksyon ki sot fèt 🇺🇸 ou ki te senp elektè. Se pou nou òganize nou kòm kominote e fòk nou bay jarèt pou gen yon lòt lidèchip politik, ekonomik ak sosyal bò isit la ki pou gade tout peyi patnè je nan je e ki ka negosye sou baz enterè peyi a ak chak grenn ayisyen. https://www.instagram.com/p/CHMW8PCBg_S/?igshid=1oo0yi102n0p5
0 notes
Text
District 88 needs new leadership focusing on Diversity, Inclusion and rebuilding during the Coronavirus pandemic. That leader is Rubin Anderson
Distri 88 bezwen nouvo lidèchip ki konsantre sou divèsite, enklizyon ak rekonstriksyon pandan pandemi Coronavirus la. Lidè sa se Rubin Anderson
El Distrito 88 necesita un nuevo liderazgo centrado en la diversidad, la inclusión y la reconstrucción durante la pandemia de coronavirus. Ese líder es Rubin Anderson
0 notes
Text
KOUDETA MALFEKTÈ FANTOM 509 LA PAP PASE !*
*TANN REPONS !*
Depi kèk jou, yon gwoup nèg, ki pa gen non yo enskri pyès kote kòm asosiyasyon, ni kòm sendika, ki rele tèt yo fantom 509, plede fè dezòd anndan kapital la.
Moun sa yo ki vle fè tèt yo pase pou polisye, mare figi yo, e gen gwo zam nan men yo, chak fwa yap fè zak briganday nan lari a, etan yap menase moun, boule machin, mache fèmen biwo leta, elatriye.
Malgré anpil jefò gouvènman repiblik la fè sou lidèchip chèf leta a, Jovenel Moise, pou satisfè revandikasyon polisye yo, tankou aksepte yo enskri sendika yo nan afè sosyal, peye aryere salè pou grad ak pou polisye ki pot ko ka touche, malfektè ki bay tèt yo non "509 fantom" rekòmanse pou lapibèl ak zak kraze brize yo.
Kounye a pa gen dout menm, malfektè sa yo, teworis sa yo, se pou klan politik ki anfas pouvwa yap travay pou destabilize peyi a. Fòk dènye kou saa te fèt pou tout moun te wè klè kou klèwòz sak te kache dèyè gang fantom sa yo ki sanble kou de tout dlo ak pyon opozisyon an.
Kounye a Leta a ap mete sentil nan tay li poul bay malfektè 509 fantom sa yo repons yo merite. Paske depi se malfektè, plas li se nan prizon oubyen nan simityè, tout fo fantom kap batay pou met ekip yo sou pouvwa a nan kraze brize, pwal jwenn monnen pyès yo. Demagoji a pwal fini e lap fini nèt!
Dènye kout kat saa pou fè koudeta kont pouvwa pèp la pap pase. Prezidan Repiblik la ki kontinye ap travay pou pwoteje pèp la nan tan difisil kote kowona viris ap menase lavi sitwayen yo, pap janm bat ba devan malfektè.
Fantom 509, repons lan ap vini.*_
Rete tann!
SaKalaKaWèl!
https://www.facebook.com/100135614747761/posts/223269432434378/?sfnsn=mo
0 notes
Photo
M pa gen anpil mo Ki rete lan men m Pou m pale bèl. Bonjou, Bonswa, Se tou sa m konnen Pou m pa fè lèd. Tou sa ki swa prale, Sa ki rete lan di, Se sa ki gen tèt di. Chak apre midi, Solèy kite lanmè vale l Tankou jònbèf. Men sepandan, chak maten, Vire tounen, Gen yon malerèz gwo vant Ki pote vant li bay lavi a Tankou yon dokiman ki lou Pou fè demen pi bèl Pase Bonjou ak Bonswa. Georges Castera Lavi pat sispann souri nan Jaden Sanba ak #AishaRasinMizik, yon sware ki te rive posib gras ak yon kolaborasyon #AsonPro ak #AmwalayePwodiksyon paske nou kwè demen ka pi bèl si nou met tèt ansanm. Nou pap sispann remèsye zanmi laprès nou yo, nou wete chapo n devan Ing. Petit (Sonotech), #AdelsonPhotography, Lisa Vallès tout moun ki te deplase vin patisipe nan aktivite sila, ou menm ki toujou pataje, kòmante ou byen renmen piblikasyon nou yo nap di w toujou fè sa paske yo konte pou nou, se menm jan ou konte pou nou tou. AsonPro➡#Pwodiksyon #Pwomosyon #Kreyasyon ak #PlanifikasyonEvènman #EkspètizSon. #SwivNou➡#Instagam #Tweeter #Facebook #Whatsapp (509)3892- 1690/3368- 7455 #Kilti #Mizik #Lanmou #Pasyon #TètAnsanm #Pwofesyonalis #Lidèchip. 📸Adelson Photography https://www.instagram.com/p/Bsi21c8lpo9/?utm_source=ig_tumblr_share&igshid=107y2n292s4zy
#aisharasinmizik#asonpro#amwalayepwodiksyon#adelsonphotography#pwodiksyon#pwomosyon#kreyasyon#planifikasyonevènman#ekspètizson#swivnou➡#instagam#tweeter#facebook#whatsapp#kilti#mizik#lanmou#pasyon#tètansanm#pwofesyonalis#lidèchip
0 notes
Text
ZAK KRAZE BRIZE GWOUP FANTÔM 509 LA REPIYAN E INAKSEPTAB.,,
*KOUDETA MALFEKTÈ FANTOM 509 LA PAP PASE !*
*TANN REPONS !*
Depi kèk jou, yon gwoup nèg, ki pa gen non yo enskri pyès kote kòm asosiyasyon, ni kòm sendika, ki rele tèt yo fantom 509, plede fè dezòd anndan kapital la.
Moun sa yo ki vle fè tèt yo pase pou polisye, mare figi yo, e gen gwo zam nan men yo, chak fwa yap fè zak briganday nan lari a, etan yap menase moun, boule machin, mache fèmen biwo leta, elatriye.
Malgré anpil jefò gouvènman repiblik la fè sou lidèchip chèf leta a, Jovenel Moise, pou satisfè revandikasyon polisye yo, tankou aksepte yo enskri sendika yo nan afè sosyal, peye aryere salè pou grad ak pou polisye ki pot ko ka touche, malfektè ki bay tèt yo non "509 fantom" rekòmanse pou lapibèl ak zak kraze brize yo.
Kounye a pa gen dout menm, malfektè sa yo, teworis sa yo, se pou klan politik ki anfas pouvwa yap travay pou destabilize peyi a. Fòk dènye kou saa te fèt pou tout moun te wè klè kou klèwòz sak te kache dèyè gang fantom sa yo ki sanble kou de tout dlo ak pyon opozisyon an.
Kounye a Leta a ap mete sentil nan tay li poul bay malfektè 509 fantom sa yo repons yo merite. Paske depi se malfektè, plas li se nan prizon oubyen nan simityè, tout fo fantom kap batay pou met ekip yo sou pouvwa a nan kraze brize, pwal jwenn monnen pyès yo. Demagoji a pwal fini e lap fini nèt!
Dènye kout kat saa pou fè koudeta kont pouvwa pèp la pap pase. Prezidan Repiblik la ki kontinye ap travay pou pwoteje pèp la nan tan difisil kote kowona viris ap menase lavi sitwayen yo, pap janm bat ba devan malfektè.
_*Fantom 509, repons lan ap vini.*_
Rete tann!
SaKalaKaWèl!
https://www.facebook.com/100135614747761/posts/223269432434378/?sfnsn=mo
0 notes
Text
Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plis pase 400 diplòm ak aprenan nan komin Pilat
Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plis pase 400 diplòm ak aprenan nan komin Pilat.- #Juno7 #J7Fev2022
Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plis pase 400 diplòm ak aprenan ki arive konn li ak ekri nan komin Pilat, depatman Nò. Yon seremoni gradiyasyon te òganize dimanch 30 janvye 2022 a, nan komin Pilat, depatman Nò, kote 480 aprenan ki aprann li ak ekri epi kapab fè kalkil senp resevwa diplòm yo pandan seremoni gradiyasyon sa ki te fèt sou lidèchip sekretè Deta Biwo Alfabetizasyon an Sandra…
View On WordPress
0 notes
Text
Tweeted
Pèp Ayisyen, Kote n rive la nou paka fè bak! Pèp Ayisyen, ou paka antre lakay ou san w pa pote bon nouvèl, e nouvèl la pa lòt ke JOMO Kite pouvwa pou n bay peyi a yon lòt direksyon sou yon nouvo lidèchip pou yon demen miyò pou tout moun. #NouPapFeBak #JoMoMustGo pic.twitter.com/msXB8HIQ17
— Le JAKO de l'île! 🇭🇹 (@TwitJAKO) February 14, 2019
0 notes
Text
Pòtoprens, dimanch 12 dawout 2018- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moise, an prezans minis agrikilti a, agwonòm Joubert C. Angrand, ak plizyè lòt otorite lokal, distribiye yon lo materyèl ki gen ladanl de (2) mwasonè, machin ki sèvi pou koupe, netwaye epi mete diri nan sak poul al seche, bay plantè yo nan blòk pwodiksyon nimewo 6 la, ki nan Cova, nan Vale Latibonit.
Inisyativ saa vize kontinye sipòte jefò kap fèt pou mekanize ak modènize agrikilti a nan lide pou ogmante pwodiksyon nasyonal la, yon fason pou ede popilasyon an goumen pi byen kont grangou ak lavi chè. “Jounen jodia, plantè nan blòk 6 pa nan koupe, ni nan bat diri ala men ankò, yo pral fè plis ekonomi paske yo pap peye byen chè ankò pou travay sa a ki konn menm lakòz yo fè anpil defisi.” Se sa chèf Leta a esplike etan lap kontinye ankouraje plantè yo pou met tèt ansanm pou yo ka benefisye pi plis toujou sipò letaa.
Sou-blòk pwodiksyon Cova a, se rezilta travay sansibilizasyon chèf Leta a pou te fè plantè yo konprann kijan yo ka pi pèfòman lè yo regwoupe yo: ” Nou goumen pou met plantè chita ansanm, jodia gen 1700 moun ki met tèt yo ansanm, yo pa tann moun vin fè zèv pou yo, yo depanse plis pase 43 milyon goud, pou met 500 ekta tè anvalè… yo gen tan komanse jwenn rezilta. nan rekot sa a, yo fè plis pase 4 tòn edmi pa ekta, alòske yo te konn fè menm kantite a sou yon ane pou twa rekòt.”
Ernst Elibrun François, konseye prensipal nan Koperativ pwodiksyon agrikòl Dechapèl (KOPAD), di li wete chapo l devan inisyativ eklere sa a Prezidan Jovenel Moïse pran poul sipòte plantè yo nan vale Latibonit, nan bay materyel ak teknisyen pou travay labouraj, epi nan mete disponib dlo, semans ak angrè, ansanm ak mwasonè kap ede yo rekòlte jaden yo pi byen.
Gras ak lidèchip Prezidan Jovenel Moïse gentan gen douz (12) blòk pwodiksyon ki sou pye nan Vale Latibonit, chak blòk gen ladanl 500 ekta. Travay sansibilizasyon an ap kontinye, e nan lane 2019 gen 18 lòt blòk ki pwal monte sakap fè kantite blòk yo rive a 30. Anpil travay tankou nivèlman tèren yo ak wout agrikòl pwal kontinye fèt pou mete peyizan ki antre nan koperativ agrikòl yo nan pi bon kondisyon toujou pou yo pwodui.
Chanjman an se pote sèvis yo bay popilasyon an nan tout rakwen kote l ye, pou edel patisipe nan jefò kap fèt pou relanse ekonomi an ak pou devlope peyi a. Menm jan ak 70 plantè nan Cova ki mete ansanm pou met anvalè 68 ektatè, Prezidan Jovenel Moïse ap mande tout moun pote kole pou ede Ayiti sòti tout bon vre nan soudevlopman poul monte tout bon vre sou ray chanjman ak modènite.
This slideshow requires JavaScript.
Prezidan Jovenel Moïse kontinye kore plantè yo nan Latibonit. Pòtoprens, dimanch 12 dawout 2018- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moise, an prezans minis agrikilti a, agwonòm Joubert C.
0 notes