#konpreyansyon
Explore tagged Tumblr posts
momtrodi-official · 2 years ago
Photo
Tumblr media
https://youtu.be/pCQsYP95PLs 💥💯💯💯🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥 zanmim Ann Al fon ti kout pye sou Channel youtube la avem gen pou zyé gen pou zòrèy pa négliger Al pase yon ti Moman sou Channel youtube la nou pa regret bel ti vidéo funny kigen anpil leson moral Ann Al vizite chanèl la avèm mèsi anpil pou pasyans ou AK konpreyansyon ou https://www.instagram.com/p/Cmm-6napTpu/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
staelofficial · 2 years ago
Photo
Tumblr media
Yo @atrosrockfam ou se yon senbòl ou se #Sajès ou se #LaJwa ou se #Konpreyansyon finalman ou gen fòmil ki montrew jan pouw trete ak renmen moun, gran frè bòn fèt pap sifi men yon mèsi avèk yon “M” se pi gwo pwèv Respè kem te ka prouvew #HappyBirthday #Sòlda #Aouuuuu #DelmaFiaPouLavi🙌🙌 #RockfamLameA💪💪 https://www.instagram.com/p/CevieyIO2Ri/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
fmarckenson · 2 years ago
Text
Lit politik pa dwe fè nou pèdi imanite nou ak sans sitwayen nou.
Depi kèk jou anpil kamarad ap kesyone sou pozisyonm. Se byen men gen ki ale pi lwen pou atakem sou baz opinyonm. Mw estime sa rive twò lwen. Menm gen ki dim ap defann PM Ariel. Sa pa janm nan entansyonm. E mw pap ka defann Ariel paske anyen pap mache e ou gen lenpresyon ke lap fè kontinite ak pouvwa PHTK a. Mw toujou kanpe sou menm bit defann Ayiti. Mwen pa ta ka anfas lit popilè. Mwen nan pèp la e mwen ret kwè san lit la pèp la pap jwenn anyen. E mwen toujou pote kole pou kite yon Ayiti miyò pou lòt jenerasyon yo. Mwen pozisyonem sou 3 pwen kem pral pote plis limyè sou yo.
1-Kreye yon koulwa imanitè pandan lit la.
Anpil fwa mwen tande kritik pèp nap defann nan pote sou lit nap fè pou li a. Menm peyi ki nan lagè kite yon espas oubyen bay trèv pou kesyon imanitè. Poukisa nou menm kap mennen yon batay yon batay pou mas la bloke li menm poul al pran laswenyay. Lidè tèt mato fè mete barikad menm devan lopital madi pase a. Sa te fem mal lèm wè lopital Konvansyon Batis Katye Moren gen gwo barikad. Kawoutchou ap boule devanl. Mw te twouve sa inimen e mwen panse sil te yon zak izole òganizatè yo tap denonse sa. Mw rankontre nan Zòn Vètyè yon fanm ki gen tranche sou pòt paske moun kap defann li yo pa dakò menm yon moto pase pou mennenl lopital. Ajoute sou sa yo anpil fanm ak timoun viktim kadejak anba men moun ki devan barikad. Sa bay moun yo move konpreyansyon de lit popilè e yo gen move souvni de li. Poutan se yon zouti chanjman lè se sitwayen pèzib ki pran desten yo an men.
2-Zafè gang ki vle konvèti tèt yo an revolisyonè ak dechoukay.
Tout moun sonje dèfen Apredye ak madanm li te bay anpil gang jarèt. E gang sa yo anfas lit popilè a paske malere pa gen kòb pou ba yo gwo zam. Kidonk si se pa nou ki ba yo zam fann fwa yo, yo pap travay pou nou. Barbecue chèf G9 kap fè masak, kidnape moun pa ka revolisyonè. Mw sezi wè anpil moun te kwè misye ap batay kont sistèm. Sistèm lap benefisye a. Depi preske yon mwa kriminèl sa pran Vare an otaj. Li di se konsal chwazi goumen kont sistèm nan poutan depi kèk jou nou tande se piye lap piye, vòlè gaz. E li menm ap mande pou yo legalizel nan krim òganize. Mw menm sim nan yon lit depi kriminel vin pran woulib map chanje taktik e map denonsel. Malerezman li jwenn anpil sipò bò kote moun kap goumen pou pouvwa. E tout moun konnen se Magali Abitan yon jovnelis tèt vid ki dèyèl ak divès lòt lidè ki vle kraze peyi a.
Depi lontan manmanm toujou ap palem de dechoukay. Selon istwa mw tande yo, dechoukay la se yon pote boure pèp fè sou enmil yo pou fè yo vole gagè epi piye byen yo. Ebyen dechoukay la denatire. Depi kèk jou lidè politik pran kriminèl san fwa ni lwa mete dèyè yo pou piye boutik ti malere ki pran lajan kout ponya labank pou chèche lavi. Se ak tristès map gade dezespwa malere parèy nou kap kriye yo viktim de zak sa yo. Nèg pwofite atake lidè politik ki pa gen menm opinyon ak yo. Pandan byen oligak yo rete entak. Byen piyajè petrokaribe, dèmalòg, CIRH yo rete entak. Pèsòn pa oze atake yon anbasad. Poutan nou toujou di se yo ki enmi pèp.
3- Yon entèvansyon etranjè pou kolte ak gang yo.
Pou mwen yon entèvansyon militè etranjè endispansab pou pote yon solisyon a kou tèm. Popilasyon an ozabwa ak zafè gang nan e yo pa ka tann ankò. Nou tout konnen feblès lapolis la e enstitisyon an montre li paka kòlte ak pwoblèm gang lan. Entèvansyon militè a ka pèmèt leta afebli gang yo e pote apwi teknik ak lojistik ak PNH la pou yo kontinye travay la. Lap pèmèt tou leta kòlte polisye ki nan konivans ak gang paske tout moun konnen lapolis la gen anpil koronpi. Sepandan mwen kont tout okipasyon militè etranjè. Fòk se yon entèvansyon ponktyèl ki pa dire menm jan ak MINUSTHA.
Anpil politisyen ki kontribye nan san ki gen la a kanpe anfas entèvansyon sa a. Anpil nan yo gen enterè yo nan gang yo. Pou yo gang yo ka ede yo nan batay pou pouvwa. Plis gen kawo nan peyi a se plis yo konfòtab. Epi etonamman pa janm gen yonn bandi sa yo kidnape. Eske se yon aza?
Map evite twò long men li enpòtan poum te pote limyè sou pozisyonm yo. Lit popilè a pa dwe kanpe, revandisyon pèp la pou yon pi bon kondisyon egzistans dwe satisfè. Men mwen kont tout move zak woulibè ak politisyen degrenngòch ap fè sou pèp la pandan yo di se pou li yap travay. Si nap kontwi yon lòt leta fòk batay la montre se moun konsekan kap mennenl men se pa moun kap goumen pou pran pouvwa nan nenpot kondisyon.
Viv Ayiti! Viv lit popilè! Aba Gang! Aba politisyen tradisyonèl!
0 notes
gaterange · 4 years ago
Photo
Tumblr media
Amon ra hortep🕯️🧘🏿‍♂️🕯️ lè li lè pou kite lespri a oswa move lespri nan kay ou konnen li lè yo kite, kontakte m 'asap. Pa pran reta, pa pèmèt prezans atache tèt li ak fanmi ou pi lwen. Sa vini kòm yon rezilta nan move lespri swiv ou lakay ou soti nan kote krinyè, espesyalman nan lakou kavo, simityè, ba ak klib teren kote yo manje nan enèji seksyèl ak Entoksikasyon, nan men yo te bò kote moun ki dabble nan bagay sa yo yo pa konprann, tankou lè l sèvi avèk yon tablo a lespri san yo pa preparasyon ki apwopriye a, enstriksyon oswa konpreyansyon yo genyen sou antite yo. https://www.instagram.com/p/COTNFL4jnkI/?igshid=1ct2w7kc9k8bs
0 notes
port-salut · 4 years ago
Text
ZAK KRIMINEL KI FET LAN DIMON MERITE DENONSE...
Devan zak malonet brile matéryel oganizate chanpyona ki rive fet lan kominote Dimon, se yon zak kriminel ki merite denonse pa kelkeswa kan politik yon moun Dimon oubyen lan komin posali. Lajistis dwe sezi pou mete men lan kolet malveyan sila yo.
Nou rete solidaire ak jenn sitwayen Roche-Jabouin yo ki travay byenfo lan jefo solidarite yo toujou manifeste pou mete yon aktivite pandan 10 lane lan Dumont yon mannye pou kreye anbyans san parey pou vakansye yo. Chak été komesan yo kap pase tray anba laviche ak chesres lan kominote sa eseye jwenn yon lavi miyo lan peryod sa.
Pandan 10 zan anpil etranje rive dekouvri riches ak bote kominote Dumont. Pandan 10 zan jenn gason ak jenn fanm lan pawas la toujou mobilize pou resevwa gwo randevou espotif ak kiltirel ki toujou fet lan lokalite sa. Aktivite sa ki genyen chak été lan Dumont san konte kandete oganizasyon Réunion Sportive d’Haiti mete pou tout jenn yo lan komin lan. Se yon aksyon ki merite anpil konpliman.
Devouman ak angajman oganizasyon sa lan komin posali dwe ankouraje pa tout sitwayen ki konn enpotans devlopman lakay yo. Se yon aksyon solidaire san parey anpil moun ta merite felisite paske aktivite oganizasyon sa pemet kreye riches pou moun tankou ti komesan, monite, atis, kwizinye, chapant, elatrye.
Si nou ta jwenn yon moun lan Dumont ki bat bravo pou yon rezon ou pou yon lot zak kriminel ki fet lan pak reyinyon espotif dayiti akoz tandans politik, nou rete kwe se yon lenmi devlopman. Moun sa pa ta swete genyen bagay serye ki fet pou chanje lavi moun kap viv lan lokalite sila.
Nou rete kwe toujou genyen jalouzi, ipokrizi, malfekte, mechanste depi lontan lan kominote sa. Anpil neg ak neges pa pwofite aktivite oganizasyon Me Jean-Michel Voltaire e Wilson Dena ap dirije ta renmen se yo pou ta lan plas yo. Kelkeswa aktivite yo mete lan seksyon Dumont ou genyen yon moun ou zanmi w ki benefisye li fok nou sispann konte sou leta ki bliye ekzistans nou lan milye peyizan.
Li enpotan pou n reflechi se pa anpil moun lakay ki panse jwenn yon estrateji pou fé solidarite ak moun ki lan bezwen. Kritike inisyativ mesye yo se selman sa w kapab fe men gade pou we kisa w kapab pote lan devlopman lokalite pa w.
Moun ki konn abitye jwenn lajan leta se lan poch yo mete li e mas pep la pa janm jwenn kichoy. Anpil moun posali ki te sou pouvwa lan pa janm fe aksyon jenn gason ak jenn fi Roche-Jabouin yo ap fe jounen jodia. Nou tout dwe manifeste fyete n paske n soti lan yon kominote ki vle grandi e pitit li ap travay pou amelyore kondisyon abitan, peyizan ak sitwayen yo.
Si yon moun panse se Me Jean-Michel Voltaire e Wilson Dena li fe abi se mal rezone e yo ap toujou devan. Tet ki konn abitye mete chapo ap toujou kontinye pote chapo.
Granmet la kap gide travay ti misye lakay yo ap toujou ba yo fos ak eneji pou jwenn mwayen pou eseye kreye riches lan kominote Dumont.
Si nou panse boule stang chanpyona ap dekouraje neg e neges ka Dumont nou reflechi tre mal paske n pap rete lan wout n ap kontinye kore devlopman lakay.
Zak malonet sa ki fet lan pak kote chanpyona ap dewoule a pa kapab bridig oganizate yo lan kominote Dumont se ranfose lap solidarite tout sitwayen alawonnbade ki renmen lakay e kap ankouraje travay ekip majistra Dena ap fe pou kominote Dumont.
Nou ta swete tout moun patisipe e kontribye lan devlopman lokalite sa e kontinye ankouraje tout aktivite oganizasyon reyinyon espotif dayiti ap fet lan komin lan. Aksyon neg ak neges Roche-Jabouin ki se yon lokalite lan seksyon Dumont se prev solidarite pitit lakay ki swete boujonnen lespwa pou sa ki feb yo.
Ann denonse mechanste, ipokrizi, jalouzi e malfekte lan mitan nou. Ann pratike tolerans, respe ak konpreyansyon youn pou lot. Ann ankouraje e valorize sa ki bon pou kominote nou.
Ann pote kole ak sa ki bon pou devlopman kominote nou.Sispann kritike pou detwi lot, mete men ansanm ak lot pou kreye riches e boujonnen lespwa pou sa ki feb yo. Nou tout se yon sel fanmi, politik patizan pa dwe divize nou.
Ann kore otorite yo pou yo kapab jwenn malfra ki komet zak kriminel sa. Avan lontan nou rete kwe kazek, asek, majistra, lapolis ak lajistis ap rive jwenn bandi gran chemin ki boule materyel oganizasyon reyinyon espotif dayiti yo lan pak la. Ann rete tet fret bay otorite chans jwenn malfekte sa ki komet zak malonet sa lan Dumont.
Jean-Marie Mondésir
Citoyen engagé de Dumont
Éditeur Solidarité Paysanne
Dumont.Port-Salut.net
0 notes
taptapprintshop · 5 years ago
Photo
Tumblr media
Chè Kliyan, Mèsi pou pasyans ak konpreyansyon w. Nou planifye reouvri demen a 1PM. Adrès: An dedan Dèlma 33 # 32. Zone geral batay. Tel: + 509 3491 5573 (WhatsApp/Moncash) Tel: +509 3506 3308 (at Taptap Print Shop) https://www.instagram.com/p/B9241ixDxWf/?igshid=1pna2zka6ar89
0 notes
paroissedumont · 5 years ago
Text
MON INTERVENTION
Lan kisa Vaudou, religion e masonri kapab ede devlopman Ayiti.
N ap pemet mwen enteveni sou sije kap diskite lan group la jounen dimanch 26 janvye 2020 ki konsenen : vodou, legliz e masoneri.
Pou m komanse li enpotan pou m defini chak tem yo selon konpreyansyon mwen ki fé lobje deba aswe a :
VAUDOU
Vodou se alafwa yon kilti e yon religion tradisyonel. Pou yon gwoup moun ki pratike vodou se yon filozofi devi, fom kwayans, konpotman mod savwa etre , mod savwaviv, savwafe ke zanset nou yo transmet nou lan vale yo kite pou nou.
Se yon religion paske li genyen dotrin li e kwayans ki prop ak li. Vodou a jwenn origin li lan peyi afrik delwes tankou Benin e li pratike lan peyi Guinee, Togo e Congo Brazzaville e lot peyi tankou Brésil e lezantiy.
Lan religion vodou adept ou pratkan yo kwe le yon moun mouri se jambe li janbe lan peyi zanset yo. Inisye lan religion vodou kapab kominike avek moun sa ki pase lot kote barye lavi. Li enpotan pou n di adept religion sa se gran protekte lanati ak anvironnman. Se yon religion ki pa lan discrimination ni prejije e tout moun byenveni e lan peyi Benin yo rele li animiste e se religion nasyonal peyi sa. Li enpotan pou n pa konfond vodou ak soselri ou maji nwa. Chak religion toujou genyen yon pati sekre ladan li e pratikan ou adepte vodou kom religion traditionel sibi anpil pesekisyon e manm yo sibi anpil represyon akoz lage mennen pa lot religion enpote yo tankou katolik e protestan.
LEGLIZ/RELIGION
Avan nou abode kesyon legliz li enpotan pou n deklare legliz jwe yon wol moral lan sosyete nou an. Li pemet anpil moun pratike lafwa yo kit se katolik ou protestan se libete yo ki garanti lan konstitisyon an pou chak moun chwazi religion ki fé yo plezi. Lan peryod esklavagis kote yo tap reprime e vyole zanset nou yo ki te soti lan peyi afrik, legliz katolik té konsanti andoktrine esklav yo pou te chwazi religion met yo. Kolon yo te anpeche esklav yo pratike lafwa selon religion tradisyonel yo.
Sa nou remake lan peyi dayiti legliz boujonnen toupatou e legliz protestan ap jwe wol yo pou fé anpil moun asepte kondisyon lavi mizerab yo. Anpil paste e prêt katolik profite mize mas pep la pou fé yo andomi lan pawol bondye ap vini e fok yo kwe bondye ap swen yo menmsi lavi a pa fasil. Pou Nou menm legliz sa yo kreye yon parazit ki chicha ap grennen pitit pou kreye lamize e ni paste ni pret legliz pa janm chache ede yo jwenn yon lavi miyo. Zafe legliz lan peyi dayiti se yon indistri tre rantab pou yon group moun san koutya kap abize febles ak dezolasyon moun pov ki lan chomaj yo.
LA FRANC-MAÇONNERIE
Se pa yon sek ni yon religion se yon fratenite kote tout manm genyen menm dwa e menm privilège. Pa genyen diskrimasyon ni prejije lan franmasri sel bagay ki enpotan pou n siyale Franmason yo pataje yon seri se vale humaniste tankou : partage, entraide, solidarité, tolérance et respect d’autrui. Dans la franc-maçonnerie la trahison et l’hypocrisie ne sont pas de mise.
Jean-Marie Mondésir
Juriste haïtien
Citoyen engagé de Dumont
0 notes
louissaintec1 · 7 years ago
Photo
Tumblr media
For all brothers and sisters , I have read the Watchtower learning edition, April 2018 in JW Library, that tell us do not upload photo, picture or video from our website to public social media. From now, I will follow term of use our website, I'm not going to post the Daily Text anymore You can go to our official website jw.org, for the Daily Text and more. Thanks Pou tout frè m ak sè yo e zanmi m yo tou ki renmen post mwen yo, men yon nouvel dispozisyon ki vini de Esklav la nan Toudegad Avwil 2018 : Kesyon lektè yo poze Poukisa pèsonn pa gen dwa poste piblikasyon Temwen Jewova yo sou sit Entènèt ki pèsonèl oswa sou rezo sosyal? Piske n ap ofri moun yo piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la san n pa mande yo peye pou sa, gen kèk moun ki panse yo ka kopye piblikasyon nou yo epi al poste yo sou lòt sit Entènèt oswa sou rezo sosyal. Sepandan, lè yo fè sa, yo vyole tèm ak kondisyon * sit Entènèt nou yo, sa ki ka lakòz gwo pwoblèm. Jan sa parèt byen klè nan tèm sa yo, pèsonn pa gen dwa “pran imaj, piblikasyon elektwonik, mak, mizik, foto, videyo, oswa lòt atik sou sit sa a epi poste l sou Entènèt (kèlkeswa sit Entènèt la, kit se sit ki pataje fichye, kit se sit ki pataje videyo, kit se rezo sosyal)”. Poukisa l nesesè pou gen restriksyon sa a? Al li atik la. Mesi pou konpreyansyon nou. CEL.
0 notes
ralphkimix-blog · 8 years ago
Photo
Tumblr media
Sajès, Silans, Disiplinn, Konpreyansyon, Konviksyon, Konsantrasyon, Kouraj, Travay, Pasyans, Siksè. Ralphkimix MixTape Gagòt https://soundcloud.com/dj-ralphkimix/ralphkimix-mixtape-gagot-2k17-509-36039834
0 notes
tiran2vou · 10 years ago
Photo
Tumblr media
Bònn Fèt @johnfritzmoreau_juno7 #Santé #Kouraj #Tanperans #Konpreyansyon KONTINYE FÈ BÈL TRAVAY WAP FÈ.... #TyenbeRèdPaMoli
0 notes
momtrodi-official · 2 years ago
Photo
Tumblr media
https://youtu.be/pCQsYP95PLs 💥💯💯💯🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥 zanmim Ann Al fon ti kout pye sou Channel youtube la avem gen pou zyé gen pou zòrèy pa négliger Al pase yon ti Moman sou Channel youtube la nou pa regret bel ti vidéo funny kigen anpil leson moral Ann Al vizite chanèl la avèm mèsi anpil pou pasyans ou AK konpreyansyon ou https://www.instagram.com/p/CmmkS-6J-sf/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
staelofficial · 3 years ago
Video
Nen pran kou je kouri dlo… Anpil fwa nan relasyon moun ki pi vilnerab la konn se moun ki pi agresif la, moun ki konn fè tèt li pase pou viktim konn pi gwo bouwo a. Alòs se youn nan rezon ki fè yon moun tankou konn anvi kanpe sou « Vanjans ». Men èske solisyon an se nan « Vanjans » lan oubyen nan konpreyansyon youn pou lòt la. Konsa m’ envite w apresye teaser video mizik sa ki rele « VANJANS » @papejohn mete ansanm ak @wanito pote pou nou. Video sa ap soti jou kap 15 oktòb la… https://www.instagram.com/p/CU3cnFAptyE/?utm_medium=tumblr
0 notes
gaterange · 4 years ago
Photo
Tumblr media
Amon ra hortep🕯️🧘🏿‍♂️🕯️ lè li lè pou kite lespri a oswa move lespri nan kay ou konnen li lè yo kite, kontakte m 'asap. Pa pran reta, pa pèmèt prezans atache tèt li ak fanmi ou pi lwen. Sa vini kòm yon rezilta nan move lespri swiv ou lakay ou soti nan kote krinyè, espesyalman nan lakou kavo, simityè, ba ak klib teren kote yo manje nan enèji seksyèl ak Entoksikasyon, nan men yo te bò kote moun ki dabble nan bagay sa yo yo pa konprann, tankou lè l sèvi avèk yon tablo a lespri san yo pa preparasyon ki apwopriye a, enstriksyon oswa konpreyansyon yo genyen sou antite yo. #voodoodoll #spellwork #rootworker #witches #ayibobo #gt #orishas #erzuliedantor #healing #art #oshun #haiti #rootworkersofinstagram #crystals #lovespell #halloween #witchesofcolor #bilolo #orisha #divination #neworleans #blackwitchesofinstagram #ifa #spellcaster #spell #ritual #spellcasting #erzuliefreda #blackgirlmagic #blackspirituality https://www.instagram.com/p/COM5BlRjO5n/?igshid=vjzkxdpdnncl
0 notes
taptapprintshop · 5 years ago
Photo
Tumblr media
Chè Kliyan, Nou vle enfòme w ke nou pap ouvri Samdi jiska Madi. Nou ap ouvri anko Mèkredi 18 Mas nan lè regilye nou. Mèsi pou pasyans ak konpreyansyon w an. Sèvis Kliyantèl Taptap Print Shop https://www.instagram.com/p/B9uZZYMj75X/?igshid=a5qss2brqv2t
0 notes
port-salut · 5 years ago
Text
Nou enskri lan anpil gwoup ki pote non posali pou 2 rezon : 1) Aprann e konprann bezwen jenes lan posali yon fason pou n gade kouman nou te kapab ede yo reflechi ansanm epi pwopoze lide ak solisyon pou yo ak otorite piblik yo (Député, magistrat, délégué, casec et asec) kapab jwenn mwayen pou fé chanjman lan kominote yo.
2) Fe solidarite ak pataj moun lakay, patisipe lan devlopman kominote yo lan pataje konesans e enfomasyon itil ak sitwayen ki devwe yon fason pou yo kapab reflechi sou véritab problèm kominote yo.
Nou konstate anpil moun ki lan gwoup posali yo se yon paket etranje komin lan menm jan ak lot sitwayen ki kite peyi a depi lontan. Nou vreman desi paske neg ki soti lan kominote posali yo pa janm rive poze problèm santrevil ak 4 lot seksyon kominal yo.
E se pa resous ki manke lan kominote yo, men nou pa santi yo konsene ak problem peyizan lakay yo. Nou pa santi genyen youn kap ankouraje lot, ankadre lot, nou pa remake okenn sign pataj, antred ak solidarite lan mitan yo. Nou pa rive aprann ki résous ki genyen lan 1e seksyon Lazarre. Nou pa rive idantifye ki riches ak resous ki genyen lan 2e seksyon Anse-a-Drick e nou pa janm tande okenn sitwayen ap pale 4e seksyon Babois ki se youn lan pi gwo teritwa lan komin lan. Aprè 25 kan deyo peyi a nou pa rive dekouvri bote ak resous ki genyen lan kominote nou yo.
Nou kreye Port-Salut Magazine lan dat 11 jiyet 2011 apre zak malonet sou jenn gason ki rele Johnny Jean pou pemet sitwayen yo eksprime yo lan 2 lang peyi a. Nou pa jwenn anpil patisipasyon e nou pa rive konprann pouki rezon yo pe pataje opinion yo menm sou aktyalite peyi a. Pataje lide pozitif pou ede lot anpil neg pa fin trop fo lan sa e poutan yo pase tout jounen ak kominike pou defoule yo sou fristrasyon yo.
Magazine lan disponib sou diferan platform : Facebook, Tweeter, Instagram pou pale reyalizasyon ak pwoje ki fet lan komin lan. Magazine.port-salut.net ou Magazine.port-salut.org e genyen yon blog pou trete tout sije ki konsene aktyalite. Souwe nou se te pemet lide pozitif ki degaje sou WhatsApp, Messenger, Facebook konseve pou nouvel generasyon kap vini yo.
Aprè piblikasyon video jenn gason Johnny Jean sou Internet e nou te santi nou entepele ak problèm peyizan lakay. Nou te chwazi batay sou otowout enfomasyon an pou n pale bote komin posali ak kominote anvironan yo.
Nou konstate e souliye se divizyon, denigreman, devalorizasyon, kritike pou detwi tout moun ki genyen yon fonksyon piblik. Si se pa majistra Wilson Dena anpil neg ap kritike se Député Bertrand Sinal. Chak jou bondye mete kritik yo chita sou wol ak fonksyon Député ou majistra ou byen otorite gouvannman santral la.
Nou pa janm tande okenn moun pale kouman yo te kapab mete ansanm pou kreye yon pwoje lan posali pou kreye lariches. Nou pa janm tande okenn sitwayen ki té genyen pouvwa ak otorite pale an byen de posali. Lan recherch nou fe se plis etranje ki konn vale resous ak riches lan komin lan.
Nou te panse pitit posali te kapab mete tet ansanm pou reyalize yon proje kolektif se domaj pa genyen ki kapab fet pou sa chanje. Nou pwopoze dyalog, rekonsilyasyon , tolerans, pataj e konpreyansyon pou nou rive konvege fos nou pou boujonnen lespwa pou tout popilasyon lan komin lan. Pawol, opinyon, aksyon e komante nou pa rive pote sitwayen posali chanje konpotman. Aprè tout konsta sa yo nou rive konprann pouki rezon moun ki genyen pouvwa chanje lavi anpil moun lan posali oblije bay komin lan do paske nou pa genyen okenn sitwayen progresis lan posali.
Chita kritike leta e rete tann djob san konpetans, tann leta vin mete enfrastikti pou nou epi nou refize patisipe lan devlopman kominote nou. Si nou préfère chita kritike otorite ki devwe pou amelyore lavi fanmi ki pov lan komin lan epi nap espère devlopman lan kominote nou ebyen nou fenk koumanse reve. Le nou genyen yon banm etablisman ki kapab kreye riches epi se tout koukouwout kap klere pou tet yo, pa genyen okenn proje kolektif ki kapab reyalize lan entere popilasyon an. Nap rive konprann se mantalite sitwayen yo ki pou chanje si nou vle resous kominote a sevi popilasyon an.

Jean-Marie Mondésir
Juriste haïtien | Spécialiste en droit civil

Juriste
0 notes