#komès
Explore tagged Tumblr posts
Text
Happy International Wolf Day !
Artworks by @melachanart
Death the Wolf (Puss in Boots) (c) Dreamworks
#international wolf day#wolf#wolves#world wolf day#werewolf#lycanthrope#puss in boots#puss in boots 2#puss in boots movie#puss in boots death#death puss in boots#ai kizu#oc#meilou#komès#kémos#melachan#melachanart
60 notes
·
View notes
Text
Èske kreyòl ayisyen se yon lang?
Kreyòl ayisyen se yon lang inik ke yo pale anpil nan peyi Ayiti, yon nasyon nan karayib la ki twouve l nan pati lwès zile Ispànyola a. Li se lang ofisyèl nan peyi a ansanm avèk fransè. Kreyòl ayisyen se rezilta entèaksyon istwa ant esklav afriken, kolonizatè fransè, ak lòt enfliyans ewopeyen. Nan atik sa a, nou pral esplike orijin, karakteristik, ak stati lenguistik kreyòl ayisyen an pou nou ka detèmine si wi ou non li se yon lang tankou tout lang ki granmoun tèt li.
Orijin ak kontèks Istorik
Kreyòl ayisyen gen rasin li nan komès esklav transatlantik, ki te mennen esklav afriken kaptif nan koloni fransè nan Sen-Domeng (kounye a Ayiti) nan 17yèm ak 18yèm syèk yo. Lang lan te evolye kòm yon fason pou kominike ant esklav ki sòti nan diferan rejyon afriken ki te pale divès lang. Lè yo te fòse adapte tèt yo nan nouvo anviwónman yo, lang matènèl yo te vin fè melanj ak fransè ansanm ak lòt lang ewopeyen, ki mennen nan nesans Kreyòl ayisyen an.
Karakteristik lenguistik
Kreyòl ayisyen gen pwòp strikti gramatikal pa l ak yon pwòp vokabilè l ki diferan de lang afriken ak ewopeyen ki orijin li yo. Li baze prensipalman sou vokabilè fransè, men li enkòpore eleman nan lang afriken nan zòn Lwès Afrik, tankou lang espayòl ak anglè. Lang lan suiv lòd mo sijè-vèb-objè, epi vèb yo konjige pou eksprime tan, mod, ak aspè. Kontrèman ak fransè ak anglè, kreyòl ayisyen gen yon sistèm sonorite pi senp ak mwens son, ak yon sistèm ekri ki plis transparan. Se yon sistèm fonetik, kote ou ekri sa w tande a, prèske menm jan ak lang grèk oswa lang espayòl. Pou plis detay sou sijè a, gade atik sa a Fason pou w byen li e ekri kreyòl ayisyen.
Estati lang ak rekonesans
Deba sou stati lang kreyòl ayisyen an kòmanse lontan. Nan kòmansman, li te konsidere kòm yon dyalèk oswa yon fòm "moso" fransè pa lenguis yo ak nan je sosyete a an jeneral. Sepandan, rechèch lenguistik kontinyèlman montre ke kreyòl ayisyen satisfè tout kritè pou klasifye li kòm yon lang pou kont li, ki granmoun tèt li. Li gen gramè, vokabilè ak règ pou kominike. An reyalte, li se lang matènèl majorite ayisyen yo epi yo sèvi avè l nan lavi chak jou, nan literati, nan medya ak nan edikasyon.
Lang ofisyèl ak edikasyon
Kreyòl ayisyen jwenn rekonesans ofisyèl li ann Ayiti. Li tounen yon lang ofisyèl nan ane 1961, ansanm ak fransè, ki te sèl lang ofisyèl anvan sa. Rekonesans sa a te reprezante yon etap enpòtan nan pwojeksyon ak prezèvasyon kilti ak idantite ayisyen yo. Jodi a, kreyòl ayisyen se lang prensipal nan lekòl Ayiti yo, sa ki pèmèt timoun yo aprann epi kominike efikasman nan lang matènèl yo.
Enpòtans lenguistik ak enfliyans mondyal
Etid kreyòl ayisyen gen yon enpòtans lenguistik konsiderab. Devlopman li ilistre pwosesis konplèks kreyolizasyon an, kote yon nouvo lang parèt atravè melanj plizyè enfliyans lenguistik. Chèchè ak lenguis nan tout mond lan etidye kreyòl ayisyen pou pi byen konprann evolisyon lang, kontakt lenguistik ak fenomèn sosyolenguistik. Anplis, rekonesans li kòm lang remèt an kesyon prejije istòrik ak eritaj kolonyal ki te majinalize lang kreyòl yo nan favè lang ewopeyen yo.
Wi, kreyòl ayisyen se yon lang tankou tout lang!
Kreyòl ayisyen se san dout yon lang tout antye ki ka rele tèt li chè mèt, chè mètrès. Li gen yon richès kiltirèl lenguistik, li gen pwòp karakteristik li antanke lang epi li satisfè tout kritè pou li gen rekonesans kòm yon lang. Orijin istorik li yo, gramè li ki diferan, vokabilè ak stati ofisyèl li ann Ayiti, tout sa a kontribye nan enpòtans lenguistik li. Rekonesans kreyòl ayisyen kòm lang fè pwomosyon pou enklizyon, selebre divèsite kiltirèl epi mete an vale rezistans pèp ayisyen an nan prezèvasyon patrimwàn lenguistik lang lan. Read the full article
1 note
·
View note
Text
ANN ESEYE KONPRANN NOSYON ENFLASYON AK LAVICHÈ NAN PEYI DAYITI ...
Kesyon enflasyon ak lavichè lan peyi dayiti se koz yon banm faktè ekonomik. Depi yon peyi pa kapab kontrole pwodiksyon nasyonal li epi pwoteje agrikiltè l kont prodwi k ap soti lan peyi vwazen yo, se nòmal pou gen presyon sou mache deviz etranje yo paske tout komesan ak biznisman bezwen dola pou komande machandiz lan peyi lotbòdlo.
Vin jwenn enstablite politik kwonik, ensekirite ak dezekilib finansye lan balans komesyal kote Ayiti enpote plis pwodwi ak byen konsomasyon olye li ekspòte byen ak sevis lan lòt peyi eteranje. Tout bagay sa yo vin ekzese presyon sou aktivite ekonomik yo ki vin rann goud devalye pa rapò ak lot deviz etranje yo.
Selon tout analiz ekonomik, lan peyi ki genyen kriz politik konstan epi pa genyen travay pou moun gen kapasite jwenn lajan pou depanse se nòmal ap genyen enflasyon ak lavichè pou moun ki pòv yo. Lan ekonomi depi òf la pa koresponn ak demand lan se enflasyon li kreye e tout moun sibi konsekans lan.
Nou rekonèt leta pa genyen mwayen pou jwenn solisyon ak kriz multidimansyonel k ap demantibile ekomoni peyi a. Sa vle di mwayen ekonomik yo pa pèmet otorite leta yo enjekte dola meriken sou mache a pou redwi degringolad goud la devan biyet vêt blan meriken an. Vin jwenn abitan lan kominote riral yo refize travay latè pou ogmante pwodiksyon nasyonal la san konte bank lan peyi a pa prete klas mwayenn lan lajan pou fè komès yo, se plis komès vann dola sou mache paralèl la pou fé benefis. Sityasyon sa pa ede frennen devalyasyon lajan ayisyen an san konte koripsyon ki genyen lan sistem finansye peyi a.
Li enpotan pou tout moun konnen lè diaspora voye yon transfè lajan pou yon fanmi ann Ayiti lajan transfè a pa vini touswit e se aprè bank lan oubyen mezon transfè yo jwenn lajan an. Si genyen rarte pou jwenn dola sou mache a gouvèneèbank santral la pa kapab ekzije bank prive ak biwo transfè yo bay lajan lan an dola meriken. Se nòmal pou li mande yo pou remet lajan transfè a lan monnen nasyonal peyi a.
Pou rezoud problèm sa ki koze anpil domaj pou ekonomi nasyonal la, li enpotan pou genyen yon establite politik kote gen yon rejim ki kapab establize degringolad goud la. Fòk peyizan nou yo kontinye travay late pou ogmante pwodiksyon nasyonal la. Otorite ki lan gouvennman santral la dwe chache pwoteje agrikiltè e ankouraje sitwayen yo konsome pwodwi lokal yon mannye pou evite presyon fet sou aktivite ekonomik yo.
Toutotan kriz politik, enstitisyonel, sekiritè e konstitisyonel yo pa rive rezoud mas pèp la kontinye ap monte maswife ak lavichè, ensekirite, chomaj, koripsyon e vyolans elatrye. Nou kapab remake diaspora e touris pa rantre lan peyi a pou vin depanse lajan yo akoz ensekirite ak zak kidnapping k ap dekapitalize lafanmiyklas mwayènn lan.
Chomaj lakoz anpil detrès lan mitan fanmiy e anpil antrepriz oblije fèmen pòt yo e voye anpil jennfi ak jenn gason lan chomaj. Vin jwenn koripsyon ki blayi lan administrasyon piblik kote kriminel mete tèt ansanm ak otorite lan pouvwa a pou agrave kondisyon sosyoekonomik pèp ayisyen..
Nou rete kwè se pa demen problèm enflasyon ak lavichè ap jwenn yon solisyon dirab. Pou sitwayen k ap reflechi, se sèl yon rejim estab ki kapab frennen gaspiyaj ak koripsyon pou pèmet peyi a jwenn yon souf.
Tout moun ki t ap mande tranzisyon yo, anpil lan yo ap jwi avantaj gouvennman an e se sèl mas pèp la k ap sibi konsekans dirijan politik san kolonn vetebral nou yo. Pou n rezime gouvènè bank santral la pa kapab rezoud problèm devalyasyon goud la san establite politik kote tout enstitisyon yo ap fonksyone nomalman.
Sityasyon difisil peyi dayiti jodia se koz oganizasyon politik ki ekziste yo pa genyen yon pwoje sosyete chifre e vyab ki kapab reponn ak revandikasyon mas pèp la. Chak moun ki konn li ak ekri dwe batay pou lave je pèp la pou yo sispann vote pou kandida fatra san vizyon ki vle dirije enstitisyon nou yo san konpetans ak kalifikasyon.
Se batay sa pou chak militan patriyòt dwe mennen sou rezo sosyal yo pou kwape tout malfra kriminel kowonpi ki ta vle vin bay pèp la panzou lan pwochenn eleksyon ki gen pou fèt yo lan peyi a. Se responsablite chak entelektyel ki vle goumen pou peyi a pa tombe plis lan tyouboum.
Jean-Marie Mondésir
Juriste haïtien | Spécialiste en droit civil
Maître en sciences de développement
Éditeur de Port-Salut Magazine ! La voix de Dumont
Solidarité paysanne | PDG de Dumont Inter 103.1 FM Stéréo
Dumont.Port-Salut.info
0 notes
Photo
« Douceur » la vie 🤔#komès #konmès ‼️Quand tu te réveilles et que ton frigo est vide 😹😹😹 (à Abymes, Guadeloupe) https://www.instagram.com/p/B8tS8bTgmIo/?igshid=1xatmm5jbw7pg
0 notes
Text
Nouvo pri gaz la nan ponp yo
Aprè plizyè mwa peyi a t ap fè fas ak yon rate gaz ki lakòz anpil aktivite paralize, ayè madi 8 Novanm lan ministè Komès ak Endistri (MCI) fè konnen apati samdi 12 k ap vini la konsomatè yo ap kapab kòmanse apwovizyone yo kè pòpòz nan ponp yo. Si nouvèl sila bay anpil soulajman, sitou avèk fèt fen dane yo k ap rive nan pa twò lontan, anpil moun ap kesyone yo sou pri gaz la ap gen pou vann nan…
View On WordPress
0 notes
Text
PORT-SALUT MAGAZINE
KOUDEY SOU ANALIZ POLITIK JUNIOR MILFORT
*Menm si sa ka pouse moun joure, mwen deside fè ti rapèl sa pou tout patizan Pouvwa jodi a ki, pou ti krik ti krak kap trete Sektè Opozisyon an de moun ki kwè nan VYOLANS e trete yo de politisyen tradisyonèl*:
1-- Nan ane 1991, Pouvwa Aristide la te genyen Opozisyon an fas li. Se menm Opozisyon sa ki te fè Kou Deta e tiye plizyè milye pitit Peyi ya.
2-- Nan premye kenkena Prezidan Préval la, te genyen yon bèl Opozisyon anndan Palman. Se anpil jimnastik ke Prezidan Préval te konn fè pou konvenk Asanble Palmantè yo, sitou fame Blòk OPL.
3-- Nan moman 2003-2004, Prezidan Aristide te genyen yon gwo Opozisyon an fas li ankò: Boujwazi, Pi fò Pati Politik, Kominote Entènasyonal la. Opozisyon an te boule, tiye, fè Kou Deta modèn 29 fevriye 2004.
4-- Nan ane 2004--2006, Pouvwa Pwovizwa Boniface la te gen yon gwo Opozisyon an fas li. Nou pa dwe janm bliye operasyon Bagdad la. Nou pa dwe bliye kòman Opozisyon an te ale fè gwo presyon nan Otèl Montana, jis pou te bay Préval genyen Eleksyon an nan premye tou.
5-- Nan ane 2006--2011, Nan segon kenkena Préval la, malgre Préval te eseye metrize Pati Politik tankou: Kid , OPL, Fusion, Union, sa pat anpeche te genyen yon gwo Opozisyon. Gwo manifèstasyon fèt kont Gouvènman Jacques Édouard Alexis. Opozisyon an nan Palman revoke Gouvènman Alexis ya. Manifèstan pase souke Baryè Palè Nasyonal. Opozisyon an boule Vil Okap nèt pou te fòse KEP ya retire non Jude Célestin, jis pou voye Michel Martelly ale fè dezyèm tou ak Mirlande Manigat ki te fini an premye nan lis la.
6-- Nan ane 2011--2016, Prezidan Martelly te genyen Opozisyon an fas li. Te toujou genyen gwo manifèstasyon ki òganize aksèn vyolans. Nan batay ant 2 nèg Tèt Kale pou chèche genyen kontwòl Lise Philippe Guerrier ki nan Okap. Yon branch Tèt Kale lage yon bonbòn gaz andan Lise ya pou te tiye elèv yo, jis pou te bay lòt branch Tèt Kale ya rèsponsab.
7-- Nan ane 2016--2017, Prezidan Privert te genyen gwo Opozisyon an fas li. Se Opozisyon an ki te chwazi pwòp Premye Minis li, se Opozisyon an ki te chwazi Minis Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn, se Opozisyon an ki te chwazi Minis Edikasyon an, se Opozisyon an ki te chwazi Minis Komès la, se Opozisyon an ki te chwazi Minis Anviwònman. Opozisyon an kraze Komisarya Okay e tiye polisye. Opozisyon an te atake Komisarya Kabarè.
8-- Sou Manda Prezidan Jovenel, Opozisyon pi rèd. Nan 4 mwa Peyi lock la, yon mwa se Rate Gaz la ki te fè li e lòt twa mwa yo se Opozisyon an ki te fè li. Opozisyon an fè vyolans pou anpeche Jazz Pouvwa Sweet Micky kouri Kanaval nan Okap.
*Remak*: Sa mwen vle nou konprann, pi fò vyolans ki fè pa tout Opozisyon yo se Pouvwa yo menm menm ki pwovoke yo.
M'ap fini pou di :
*"Kan Pawòl (Arme de la dialectique) yo vin pa genyen sans ankò, kounye ya se zam (dialectique des armes) yo ki oblije enpoze pwòp Lwa li"*.
*"Tout moun se san yo genyen nan kò yo"*.
Junior MILFORT
0 notes
Photo
Komè ✨ Our affordable price list!
2 notes
·
View notes
Text
Answouj,yon komin prèske abandone.
Ekri pa Frantz Renel Lebrun
Komin answouj ki fè pati 7 komin kinan rejyon wo latibonit lan twouvel nan limit ant latibonit ansanm ak nòdwès peyi a,el fè pati awondisman Gwomòn.
Nan yon kout pye noute fè nan komin answouj pèmèt nou wè seyon komin ki prèske abandone pa otorite yo.
Dabò nan Sant sante ki rekonstwi pagen yon direktè depi prèske yon lane daprè Dr. Sénat Néhémie charlotin,kote seyon administratè sèlman kinan tèt Sant la,Saki lakoz Sant lan pa vrèman fonksyone kòm sadwa.
Pou Dr. Tchurchil Gédéon kise yon medsen rezidan Nan sant lan, lifè konnen pagen menm yon flach pou yo klere aswè,kote se ak limyè telefòn yap fè akouchman akoz yon jeneratris kite konn alimante sant lan ki tonbe anpa n sagen plizyè mwa.
Sevre gen yon komisarya ki rekonstwi Nan lane 2017,men kigen sèlman 3 polisye tou mal ekipe pou anviwon 60 mil abitan daprè dènye estatistik OIM te reyalize nan lane 2009(sous Marado clavanet),gen yon lise ki apèn konstwi kite kòmanse sou ansyen depite Jodson Leroy Rosemond,men kipako remèt a direksyon an alòske li yon bèl distans a sant vil la.
Pou tribinal la,seyon lokal kipa ditou nan bon eta,alòske sela jij de pè yo ap distribye lajistis.
Sevre seyon komin ki chaje ak richès natirèl tankou sèl yode ki pwodui ladann,men kipagen yon izi n Pou ta transfòme sèl la pouta fè sèl fen kita ka pèmèt komin lan antre kòb,gen anpil fwi lanmè men elas pechè yo kipa ekipe ni gen bato kika ale byen lwen Nan lanmè a lakoz se ti pwason piti yap peche ak lòt ankò,sevre yofè anpil elvaj kabrit ak mouton,men akoz pagen zèb abitan yo oblije vann anpil nan yo pouyo pa mouri e lage yon kantite saki pèmèt gen elvaj lib nan komin sila.
Yon komin Sou Jean Claude Duvalier te konn fè anpil manje men kitapral kraze aprè depa beby Doc akoz sistèm irige a kipat amenaje,kote se gwo sechrès kap vale teren Nan komin sila.
Answouj gen yon pwoblèm dlo,kote yon bokit dlo ap vann 5 goud,dwoum lan ant 50 a 75 goud,kipa menm yon dlo trete,saki lakoz abitan yo gen anpil gratèl,anpil Nan medam yo chaje ak enfeksyon daprè temwanyaj yo.
Answouj gen 2 seksyon, (plaine de l'arbre epi source chaude)kigen antou 84 lokalite,e se gras a komès epi pèch la plis moun kigen moun aletranje ki pèmèt abitan yo ap bouje,sinon lamizè teka menm fòse moun yo abandone komin sila.
0 notes
Text
International Hug Day 2024 !
Art (c) @melachanart
DO NOT REPOST/STEAL PLEASE. Thank you.
#melachan#melachanart#oc#original character#ai kizu#cute#art#kawaii#hug#international hug day#wolf#panda#meilou#komès#illustration#artist on tumblr
23 notes
·
View notes
Text
Ti Komèsan yo Fas ak Kriz politik la nan Peyi Dayiti
Ti Komèsan yo Fas ak Kriz politik la nan Peyi Dayiti
Ti Machan Kafou Klèsin ap plenyen nan moman yon kriz politik san parèy lakoz yo paka mete tèt yo deyò pou al fè ti komès yo san bliye machandiz ki monte tèt nèg e yo prèske paka achte anyen. VOA News (Lavwadlamerik)
View On WordPress
0 notes
Text
Tweeted
Anplwaye Ministè Komès yo rele koukouwouj dèyè DG Ministè sa ki fè l tounen yon lekòl pou fanm danse https://t.co/tOpnTpaqFT
— Le JAKO de l'île! 🇭 (@TwitJAKO) May 6, 2019
0 notes
Text
9,10,11,12 novanm, tout ponp ap alimante ak gaz. Daprè ministè komès
Nan yon nòt li rann piblik jodi madi 8 novanm 2022 a, ministè komès anonse apati demen k ap 9 pou rive 12 novanm, tout ponp yo ap kòmanse jwenn gaz san okenn difikilte, daprè presizyon ki nan nòt la a, y ap alimante lopital yo ak PNH la a anvan pandan seyans distribisyon yo. Aprè estrikti kriminèl G9 la a ki genyen kòm sèl kòk chante li chèf gang Jimmy Chersier, alyas “Barbecue”, ta fin kenbe an…
View On WordPress
0 notes
Text
youtube
Discours du PM Ceant
Pèp Ayisyen, konpatriyòt nan tout 4 kwen peyi a, konpatriyòt ki nan dyaspora a, Frèm ak Sèm yo ;
Sa fè 10 jou depi peyi a ap viv yon moman difisil, yon moman ki bay anpil kè sote ;
Sa fè 10 jou depi timoun yo paka ale lekòl, lopital yo paka bay laswenyay, gwo biznis ak ti biznis paka fonksyone ;
Sa fè 10 jou tou depi Leta ap pèdi anpil lajan. An menm tan tou, popilasyon an soufri anpil. Akòz wout ki bare, li paka jwenn dlo potab, li paka jwen manje, li paka jwenn gaz, li prèske pa jwenn kouran. Tout sa ki ka mennen nou dirèk dirèk nan yon grav kriz imanitè ;
Sa fè 10 jou depi kèk nan frè ak sè nou yo ap pèdi lavi yo nan sikonstans ki revòlte nou tout. Se avèk anpil kè sere m’ap pwofite voye senpati m pou tout kategori moun, espesyalman polisye ki tonbe yo.
Kòm papa pitit ki konn doulè paran, mwen voye yon panse espesyal pou manman jenn ti gason sa a, Roberto Badjo THELUSMA ki mouri devan lopital jeneral pandan li t’ap ede manman li nan ti aktivite komès li. Si m tounen 40 lane annaryè, mwen sonje tou kijan m te konn ede manman m nan komès vyann li t konn fè nan mache Kwabosal. Men Jodia mwen se Premye Minis, kidonk, pèsonn pa konnen kisa Roberto Badjo Thelusma te ka vin ye nan peyi sa a.
Dènye tan sa yo, anpil revandikasyon eksprime. Mwen pran nòt ke nou te sòti pou manifeste kont lavichè, nou mande kont sou lajan Petwo Karibe ak koze kòripsyon nan Leta ;
Nou te sòti pou mande travay, pou di dezakò nou ak dola a k ap monte tèt nèg, ak lamizè k ap taye banda toupatou. Mwen menm ak tout manb Gouvènman an, nou tande vwa nou, nou tande rèl nou, nou konprann kòlè ak endiyasyon nou.
Opozisyon pliryèl la te soti pou eksprime dezako li ak gouvènans peyi a. Pèp la fè tande vwa li san li pa sibi represyon, e dirijan yo konprann nesesite pou bay swit ak revandikasyon pèp la. M’ap pwofite felisite Polis nasyonal la pou pwofesyonalism ak matirite li. E mwen mande yo kontinye pwoteje lavi chak grenn sitwayen, sekirize lekòl yo, biznis yo elatriye. Mesye Dam, chapo ba !
Men yon lòt kote, nan jou ki pase yo, gen anpil dezòd ki merite kondane. Moun ki pèdi lavi yo, Magazen ki pran dife, ponp gaz ki boule, vit machin ki kraze, ti biznis ki fè fayit. Tout sa lakòz anpil jèn, anpil moun nan klas mwayenn nan pèdi lespwa nan peyi a.
Nan jou ki sot pase yo, anpil resòtisan peyi zanmi nou yo te oblije kite peyi a. Se yon move nòt pou nou sou sèn entènasyonal la. Pandan nap mande touris antre nan peyi a, nou pa kapab kontinye voye move siyal pou pèsonn pa anvi vini vizite nou. Nou kondane zak malonèt kote yon sitwayen te souye drapo peyi zanmi nou Lèzetazini. Nou kondane atak ki fèt sou Anbasad peyi zanmi tankou Pewou ak Itali. Bagay sa yo pa bon ditou e yo pa fè lonè ak fyète Nasyon an …
Nou konstate ke nan moman malè pandye sou peyi a, pèsonn pa epanye! Nou tout soufri! Nou tout nan lapenn! Pèsonn pa ka fonksyone!Se poutèt sa, m’ap di nou, sektè prive, lidè politik, sosyete sivil, lajenès, Petwotchalenndjè, dyaspora, ti machann, etidyan, lidè relijye pa gen tan ankò ! Jou prèske bare nou. Fòk nou fokis sou nannan pwoblèm nan.
Kisa ki eksplike dram peyi a ap viv jounen jodi a?
Poukisa nou nan tout pwoblèm sa yo ? Poukisa nou pa janm ka jwenn solisyon ? Pèp Ayisyen! Frèm ak sè m yo!
Dram n’ap viv jounen jodia pa parèt pou kont li. Li pa yon ka pèdi nonplis. Kidonk, se yon bagay nou ka eksplike. Lè nou fouye nan Listwa Peyi a, nou rann nou kont se paske depi lontan, nou refize chita pou nou poze pwoblèm viv ansanm nan. Nou refize chita gade youn lòt nan je pou nou poze pwoblèm fondalnatal peyi a :
o Pwoblèm kòripsyon k’ap gangrennen Leta a ;
o Pwoblèm richès peyi a ki pa byen separe ;
o Pwoblèm move gouvènans ki gen nan Leta a;
Mezanmi peyi a divize ! E se pa jodia ! Milat yon bò nèg nwa yon lòt bò ; moun rich nan yon kan moun pòv kanpe anfas ; moun lavil kanpe agòch moun andeyò kanpe adwat ; moun ki nan peyi a se youn moun ki nan dyaspora a se yon lòt … Divizyon toupatou ! Ki sosyete ki ka mache konsa ?
Jodia, bò kote Prezidan an, mwen angaje m pi plis ke anvan. Misyon m se batay pou rekonsilye nou youn ak lòt, rekoud tout moso ki chire yo, pou Tidjo ak Gòldennberg kapab chita pale. Yon chita pale sou abitraj Leta pou nou ansanm, deside ki kote n ap mennen peyi a. Paske, li klè ke malgre tout diferans ki genyen antrenou, desten nou tout fè yon sèl.
Nou tèlman rate okazyon pou nou poze pwoblèm yo e rezoud yo yon fwa pou tout sa lakòz ke sa nou pa rezoud ayè eklate nan figi nou jodia. Nou sonje 6-7 jiyè 2018 ? Nou sonje sa k te pase ?
Pèp la te raple nou ke nou dwe chita pou pote chanjman nan lavi li. Li te voye yon mesaj fò bay tout elit yo, elit politik ak ekonomik peyi a an patikilye. Mesaj pèp la te klè. Li te di ke l pa kapab ankò, menmjan Junior yon jenn Ayisyen lamizè ap tizonnen, te raple nou sa lòtrejou ankò sou rezo sosyal yo ak nan radyo. Junior, vwa w pale pou tout jenès la.
Se poutèt sa, nou te mache nan 10 Depatman peyi a nan sousi pou lavil kontre ak andeyò, pou lide tout kategori moun, ak tout sektè kontre, nan objektif pou nou tabli ansanm yon Pak Pou n Byen Gouvènen Peyi a.
Anpil anpil jefò fèt. Men bagay la pa fasil. Pwosesis la poko fin abouti. Men fòk nou dakò akalmi nou te gen nan fen lane 2018 jouk rive 7 fevriye 2019 la, se prèv si nou chita pale yonn ak lòt n ap rive fè lapè ak estabilite blayi. Yon fason pou n poze epi rezoud vrè pwoblèm ekonomik yo.
Pandan n ap pran angajman pou nou kontinye pale san fòs kote, fòk nou pa janm sispann goumen kont yonn nan pi gwo lènmi peyi sa a ki se kòripsyon.
Pwosè PetwoKaribe a ap fèt wè pa wè ! Se yon angajman mwen te pran depi nan Deklarasyon Politik Jeneral mwen. Jodia map pran agajman ankò devan pèp Ayisyen an pou ede chèche Kòb Petwokaribe a. Fòk kòb leta itilize pou byennèt tout pitit peyi a.
Fòk gen egzanp ki trase sou tout moun ki vòlè lajan Leta a. Lajan Pèp Ayisyen an dwe sèvi Pèp Ayisyen !
Nan sousi transparans, m ap raple mwen fè pibliye tout rezolisyon PetwoKaribe yo. Sa itil anpil nan bay pèp la bon jan zouti pou li pi byen konprann kisa ki dosye PetwoKaribe a. Ki moun nan Leta ki gen dwèt yo tranpe ladann, ki enstitisyon piblik kou prive ki enplike. Volonte pou fè limyè sou jesyon lajan sa a, te mennen m bay Lakoudèkont jarèt pou anyen pa t anpeche yo remèt rapò odit la. Finalman, gras ak rapò pasyèl sa a, Leta ayisyen pote plent ofisyèlman kont moun ki sispèk nan detounen lajan pèp la.
Tout aksyon sa yo, se pou ede jwenn repons ak gwo kesyon sa a jenès peyi a ap poze depi ane pase a : « Kot Kòb PetwoKaribe a ? » Mwen bay nou garanti kesyon sa p ap rete san repons. Yon gwo egzanp ap resi trase nan peyi sa !
10 dènye jou sa yo mwen ak tout manm gouvènman an nou travay anpil. Sa fè n mande tèt nou èske kriz nou ap travèse a pa genyen yon opòtinite ladan l. Opòtinite pou nou gade tèt nou nan glas epi refonde sosyete a sou baz ki pi solid.
Se nan moman kriz, kriz malouk sa yo sosyete yo pran tout dispozisyon pou koupe fache ak tout sa ki anpeche yo make pwen kòmsadwa.
Malgre tout difikilte ki genyen sou pwosesis dyalòg ki te tanmen depi nan mwa desanm nan, li klè, jiskaprezan nou gen yon sèl altènativ : Dyalòg la se sèl vrè chimen an.
Pandan n ap kontinye fè sakrifis pou dyalòg la rapousuiv epi abouti, fòk nou kontinye viv, se poutèt sa, Gouvènman m ap dirije a pran anpil desizyon.
Pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, aprè plizyè Konsèy Gouvènman, mwen menm ak tout minis yo, gen anpil kalte mezi nou deside pran.
Annatandan Minis yo vin bay plis detay sou mezi prese prese yo, me ansanm mezi global nou deside pran yo:
1. Premyè desizyon : Koupe bidjè Laprimati de 30% pandan n ap sigjere Laprezidans ak Palman an fè menmjan an.
Retire tout privilej ki pa nesesè nan men gran fonksyonè Leta yo (Tankou frè gaz, kat telefòn, vwayaj initil aletranje, kantite konsiltan sou dosye yo…).
Rekonsidere zafè Dezyèm Rezidans lan.
Ekonomi sa yo ap pèmèt pa egzanp nou ranfòse pouvwa jidisyè a nan ba li plis mwayen pou fasilite aboutisman pwosè Petwokaribe a.
2. Dezyèm desizyon nou kwè k ap pèmèt Leta jwenn plis kòb pou bay plis sèvis : nou mande prese-prese Kou Siperyè Dèkont pou fè Odit tout antrepriz otonòm Leta yo, yon mannyè pou nou chèche tout kòb Leta ki detounen, sa ki ap ede nou bay popilasyon an bonjan sèvis, an menm tan nap voye je sou ministè titèl yo.
3. Twazyèm desizyon Tout done estatistik yo montre aklè peyi a pèdi anviwon 60 milya goud chak ane sou fwontyè ak Ladwann nan zafè kontrebann. Prese-prese, nou pral travay ak zanmi nan kominote Entènasyonal la, Sektè prive a, ak Lapolis mete ak Responsab Ladwann yo pou nou wè kouman anvan ane sa fini nou ka rive rantre mwatye nan kòb sa. E lajan sa, nou pral gade kouman nap kapab mete l nan pwodiksyon nasyonal, nan bay sibvansayon nan angrè pou peyizan, kredi ak moun kap fè biznis, sa ki se yonn nan mwayen nou genyen pou rive bese dola a.
4. Katriyèm desizyon : Mwen antann mwen ak Prezidan an pou nou kraze tout monopòl, pou nou pwoteje moun kap travay nan pwodiksyon nasyonal la, gwo tankou piti (tankou moun kap pwodui ze, patat, diri elatriye). Nan sans sa, prese-prese, mwen pral gen yon rankont ak moun ki gen gwo biznis nan peyi a men ki nan pwodiksyon nasyonal pou wè ki gwo desizyon nou kapab pran ansanm pou kreye plis djòb pou bese dola, elatriye …
5. Senkyèm desizyon : Mwen antann mwen ak Prezidan an pou rankontre tout moun ki se pwopriyetè faktori yo pou diskite avek yo e pou gade nan ki sans nap kapab fè yon efò anplis pou nou manyen salè minimòm pou ouvriye ak ouvriyèz yo jwenn yon alemye.
6. Sizyèm desizyon (N ap kontinye aji sou dosye Petwo Karibe a) : Depi lè m rive kòm Premye Minis, mwen ranmase premye rapò Palman te pibliye yo. Mwen te apiye ak tout fòs mwen Kou Siperyè Dèkont ki fenk soti yon lòt rapò sou dosye Petwo Karibe a. Koulye a, pou nou al pi vit, e pou pemet peyi a rive jwenn lajan ki pedi nan Petwo Karibe a, m ap anonse :
• Nominasyon prese prese yon nouvo Direktè UCREF, yon nouvo Direkte ULCC
• Komisè Gouvènman an pwal pran aksyon pi vit sou dosye Rapò Kou Siperyè Dèkont la ;
• Ke CSPJ a mete plis Jij pou travay sou dosye Petwo Karibe a.
7. Setyèm desizyon : Nou pral mete kanpe e rann fonksyonèl tout bon vre Konsèy Administrasyon ki nan tèt òganis otonòm leta yo, pou anpeche yon Direktè koupe rache jan lide l dil. Fòk gen moun serye ki soti nan sosyete sivil la ki vin ranfòse Konsèy Administrasyon sila yo nan founi je gade.
8. Nevyèm desizyon : Nou pral chita ak patnè entènasyonal yo, ak BRH, APB, konpayi asirans yo pou refè FDI pou li ka tounen yon Bank Devlòpman pou finanse relans ekonomik lan. Pou bay jènn aksè ak kredi.
9. Nevyèm desizyon : Annatandan tout mezi sa yo kòmanse bay rezilta, nou gentan etabli yon pwogram dirèk ansanm ak pwodiktè lokal yo, enpòtatè yo ak patnè entènasyonal yo pou nou kase pri pwodwi premyè nesesite yo.
Pèp Ayisyen Menm si nou pran tout mezi nou ta imajine, gen yon sèl solisyon kap dirab : se chita pou yonn gade lòt nan je pou nou pale ansanm, pou nou deside ansanm ki kote nou vle mennen peyi a. Jodia yon lòt fwa ankò nou dwe konsidere moman sa a, peryòd difisil sa a ke peyi a konnen depi 7 fevrye a tankou yon opòtinite ke nou paka rate. Gen ijans ! Nou rate anpil deja ! Annou tout fè jefò pou nou bliye sa ki divize nou…
Annou poze pwoblèm viv ansanm nan ! Pa gen wout pa bwa, pa gen 2 solisyon ! Se yon sèl ki genyen ! Se chita pale pou nou ka deside ansanm sa nou vle fè de nasyon an...
Mèsi anpil !!! Viv Ayiti ! Viv Pèp Ayisyen an !

eb games online flyer
Browse aktyèl EB jwèt flyer, ki valab Novanm 24 - Novanm 27, 2017. EB Jwèt Jwèt Espesyal ak videyo EB EB Jwèt Flyer - Kanada kontra ak flyers. eb games online flyer EBay Jwèt Flyer. EB Jwèt Browse flyers chak semèn, espesyalite magazen sou entènèt, dènye kontra, lavant ak ofri. Gade tout espesyalite yo soti nan EB jwèt isit la semèn pwochèn. Navigate flyer lokal ou alèz nan kay ou. weekly flyers delivery E.B. Jwèt yo se yon magazen nan Kanada ki vann teknoloji popilè tankou Ostrali, tankou Xbox 360 jwèt ak Xbox Yon jwèt, ki kouri entènasyonalman nan Ostrali. Komès te etabli nan Etazini nan 1984 e li te devlope yon rezo ki gen plis pase 6,900 magazen nan 14 peyi yo. Gade gratis Nwa Flyers vandè soti nan magazen nan Ottawa, ON. Sove gwo sou elektwonik, Episri, rad ak rad, machandiz espòtif ak plis ankò!
0 notes
Photo
C'est la première fois que j'"expose" entièrement ce portrait de Manno entièrement qu'il avait en deux fois décliné d'accepter comme un don. Témoignage-hommage spécial pour Le Nouvelliste... http://lenouvelliste.com/article/180738/quand-manno-refusa-daccepter-son-tableau-portrait ________________________________________ Quand Manno refusa d’accepter son tableau portrait Publié le 2017-12-19 | Le Nouvelliste National - Charlot Ce portrait à l’huile de « Manno, ban m yon ti limyè / Manno, fais-moi un peu de lumière » a été exécuté en 1987, et a connu les affres du maquis, de l’exil, de la torture, et du « cachot », comme son sujet, Manno Chalmay. A l’époque, membre de l’équipe du journal universitaire INAGHEI-Actuel, j’avais discuté avec Frantz Duval la possibilité d’une interview avec Manno. Je participais assidûment à plusieurs de ses concerts, admirait sa voix puissante, son cran, sa verve révolutionnaire et son anticonformisme anti-bourgeois. Brassens, c’était plutôt l’anti-conformiste bourgeois, confortable. Manno insultait la dictature, risquait sa vie, et crachait son mépris, littéralement, sur les planchers de certains auditoriums des facultés où il était invité à chanter lorsqu’il concluait sa chanson « Oganizasyon mondyal » : « Pou chyen ayisyen ki di yo kiltive ka pe fè komès ak mizè refijye nan inivèsite Mwen voye yon plòt [pause – raclement des gorges, puis floup !] krache. » (Pour ces chiens d’Haïtiens qui se disent cultivés / qui trafiquent/dissertent sur la misère des réfugiés (pour s’obtenir des diplômes)/ j’envoie un jet de crachat !) Au cours de ses prestations à l’INAGHEI et à la Faculté de « droite » où il était invité parfois, apprenti caricaturiste, je m’étais familiarisé avec la structure osseuse de son visage, à sa gueule agressive armée de deux rangées de dents visiblement toujours prêtes à mordre, à son profil facial quasi-méphistophélétique dans la pénombre de certaines salles. J’en avais en plusieurs fois sur le tas esquissé des croquis, que certains lui avaient passés. #touthaitinews #touthaiti #radiotouthaiti
0 notes