Tumgik
#Prizonye
netalkolemedia · 1 month
Text
Otorite lokal Senmak yo entèdi tout aktivite ki rasanble foul moun
Nan yon kominike ki sòti ayè lendi an, otorite minisipal Senmak yo anonse desizyon ki pran pou kanpe tout aktivite ki kapab rasanble foul, sou tout komin lan, sòti 19 dawout la pou rive lendi 26 dawout. Desizyon sa pran, kèk jou aprè evazyon sa ki te fèt nan prizon sivil Senmak la kote plis pase yon dizèn prizonye te reyisi chape poul yo. Nan lide pou pèmèt lòd ak trankilite retounen nan vil la,…
0 notes
josephradioa · 2 years
Link
share it and read it 
0 notes
fanfan0279 · 5 years
Video
youtube
MEN KOMAN PRIZONYE YO TE METE POLISYE YO ANNOTAJ NAN PRIZON HINCHE LAN Subscribe, suscriptor, Abonné or ПОДПИСКА ПОЖАЛУЙСТА: https://www.youtube.com/channel/UC7LIb0sEMtav6p0ezMOi76Q?view_as=subscriber&pbjreload=10
0 notes
sou-ris · 4 years
Text
mwen pa dòmi jouk dezè dimaten ye. m t ap li yon liv nan kreyòl. li gen sèlman* vennef (29) paj; men, m te fini li e sa sifi pou mwen. liv gen kèk nouvo mo vokabilè. anba se yo.
Lagonav : Yon lidè, yon pèp, yon peyi
• lesegrennen : carelessness, unconcern; negligence
• kalifye : (adj) qualified, competent; (v) to qualify
• rann : to give back
• atoufè : (n) criminal, bandit; (adj) unprincipled (without morals)
egz — (n) “se atoufè ki patisipe nan konvèsasyon politik peyi a.”; (adj) “se prizonye atoufè yo te ye nan peyi...”
• po patat : small amount of money
• pope twèl : puppet, figurehead
• po pistach : for peanuts, for almost nothing
• klou : (metal) nail
• anplis : (adv) furthermore, in addition, moreover; (prep) in addition (to)
• kanta (pou) : as for, concerning
• palmantè : (n) legislator; (adj) parliamentary
• volonte : determination, will, desire
• dirijan : director, leader
• ponyèt : wrist
• gwo ponyèt : powerful or influential person
• diyite : dignity
• bann : group, band, bunch, gang
• fèb : weak, feeble, frail
• swadizan : so-called, supposedly
• mwèl : bone marrow; courage, strength
• zansèt : ancestor, forefather
• bòt : (pair of) boots
• aloskè : whereas
• panche : to lean, tilt
• antere : to bury
• orezon : pray
• sèkèy : coffin
• kan : faction, side; camp
• gagann : throat
• manm : member
• konpòtman : behavior, conduct
• demisyone : to resign, quit
• patri : homeland, native country
• mons : monster
• lwijanboje : one who wants to have his way, someone who wants to be dictatorial
• onè : honor
• menase : to threaten
• filalang : to stick one’s tongue at someone, to mock
• di* : (adv) firmly; (adj) hard, durable
egz — “se responsabilite sitwayen yo pou yo travay di pou okipe tèt yo ak fanmi yo.”
• kalewès : to loaf, be lazy, goof off
• wou : wheel, tire
• oserye : seriously
• enfrastrikti : infrastructure
• kou* : (adv) as soon as
egz — “kou tout eleman sa yo rasanble, pèp la ap viv ak kè poze.”
• abi : abuse
• vanjans : vengeance
• lagonni : agony, extreme suffering
• siy : sign
• defè : to undo
• trèt : traitor
• trayi : to betray
• sadwa : properly, correctly
• ateri : to land (airplane); to wind up somewhere
• bonte : kindness, goodness
• zak : act, action
• dega : damage
*mo gen lòt definisyon.
mwen pi renmen idyòm yo kon “gwo ponyèt” ak “pope twèl”. ki idyòm ou renmen? 😊
4 notes · View notes
juno7haiti · 3 years
Text
FJKL lanse yon SOS bay otorite yo pou voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a
FJKL lanse yon SOS bay otorite yo pou voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a.- #Juno7 #J7Fev2022
Fondasyon Je Klere (FJKL) lanse yon SOS bay otorite nan Leta yo pou yo voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a. Fondasyon Je Klere ki se yon estrikti dwa moun lanse yon SOS bay otorite nan Leta a pou kapab voye je bay prizonye anndan prizon sivil Kwadèboukè a k ap viv nan move kondisyon. Anndan nòt sa, Fondasyon Je Klere koumanse pou l mete fokis sou absans pi fò ajan ki pa vin travay ki lakoz pòs…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
port-salut · 3 years
Text
KWONOLOJI ASASINA PREZIDAN JOVENEL MOÏSE…
🔴 *Asasina Prezidan Jovenel Moïse: 125 jou batay pèp la fas a sabotaj lajistis Ariel Henry e oligak yo*📍
✅ 7 Février 2021: Tantativ Ivickel Dabresil e enspektris jeneral lapolis Marie Louise Gauthier pou touye Prezidan Jovenel Moïse Tabarre echwe. 3 jounalis ki nan konplo minimize e banalize tantativ asasina a sou radyo. Poutan tantativ asasina 7 Février a konekte a krim 7 Jiyè a;
✅ 6 Jiyè: Reginald Boulos amplwaye lobiyis nan Washington pou mande enstalasyon yon Prezidan pwovizwa;
✅ 7 Jiyè: Milat volè e asasen ayiti mete a mèsenè etranje a mèsenè kreyòl pou masakre e touye Prezidan Jovenel Moïse lakay li Pèlerin 5;
✅ 8 Jiyè: Blan an di li rekonèt premye minis a.i. Claude Joseph kom chèf gouvènman e mande l oganize eleksyon;
✅ 10 Jiyè: Blan an mande tout aktè yo pou yo jwen konsansis;
✅ 13 Jiyè: Blan an di li pa rekonèt pèsonn;
✅ 14 Jiyè: Yon radyo espagnol ki kolonbi, radyo caracol, bay manti sou Claude Joseph pou louvri primati a pou Ariel Henry;
✅ 17 Jiyè: Blan an mande Ariel Henry fòme gouvènman;
✅ 18 Jiyè: Lapolis ayiti kwè blan an pa klè nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moise;
✅ 26 Jiyè: Stanley Lucas di nan emisyon Dialoge sou televizyon Éclair Ariel Henry gen kesyon pou l reponn;
✅ 29 Jiyè: Gedeon Jean entèvni nan radyo karayib pou fè obstriksyon a lajistis nan mande pou koudèkont reenstale ilegalman 2 jij kou kasasyon Ivickel Dabresil e Wendelle Coq, lapolis idantifye kom moun ki patisipe touye Prezidan Jovenel Moise;
✅ 1 Out: Oligak gwoup de boudon debake nan Washington pou fè promosyon pou gouvènman tranzisyon ayiti nan kongrè ameriken;
✅ 3 Out: Nan interview sou Scoop Ariel Henry di asasen Badio Joseph se zanmi li e li pa kwè Badio Joseph ka fè yon krim konsa, sou tout rezèv;
✅ 6 Out: Tantativ Ariel Henry pou kraze dekrè ANI pou ranfòse entelijans a sekirite ayiti. Minis yo refize;
✅ 7 Out: Tantativ ilegal Rogavil Boisguene, prezidan koudèkont pou renstale jij kou kasasyon Ivickel Dabresil a Wendelle Coq lajistis a lapolis idantifye kom moun ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Manm dwazimen Gedeon Jean patisipe nan tantativ kou ilégal sa ki echwe;
✅ 21 Out: Jounalis ameriken Jake Johntson mande Ariel Henry eske li te pale a Badio Joseph? Ariel Henry reponn non li pa janm pale a Badio Joseph. Men detay yo https://twitter.com/jeanjuniorj/status/1429180841431871492
✅ 26 Out: Minis Lajistis Rockfeller Vincent anonse yon prim 6 milyon goud pou ede kaptire chak asasen ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse;
✅ 9 Septanm: Ariel Henry pwomèt Andre Michel lap lage tout kriminel ki nan men lajistis pou byen moun yo boule, trafik zam, polisye yo blese e touye e anbasad yo te vle sote. Yo rele atoufè sa yo ki nan prizon pou vyolasyon lalwa, prizonye politik. Polisye ki viktim yo pa kontan;
✅ 10 Septanm: Digicel jwen Ariel Henry pale a asasen Badio Joseph 2 fwa 7 Jiyè nan maten pandan krim sou Prezidan an tap fèt. Ariel Henry ki te nan otèl Montana pale a asasen Badio Joseph 2 fwa a 4hres03 e 4hres20 dimaten pandan li te kay Prezidan an nan Pèlerin 5;
✅ 10 Septanm: Komisè Gouvènman Bedford Claude envite Premye Minis Ariel Henry vinn reponn kesyon sou enplikasyon li nan asasina Prezidan Jovenel Moïse apre revelasyon Digicel fè;
✅ 11 Septanm: Malgre enfomasyon Digicel ki montre enplikasyon mèsenè kreyòl Ariel Henry enplike dirèkteman nan touye Prezidan Jovenel Moïse, tèt pati PHTK siyen akò ak enkilpe a. Prezidan Martelly poko bay eksplikasyon sou sa malgré demand baz PHTK yo;
✅ 11 Septanm: Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) mande demisyon premye minis Ariel Henry devan prèv Digicel bay komisè gouvènman an ki montre Ariel Henry tap kowodone 7 Jiyè a Badio Joseph youn nan asasen an pandan li tap touye Prezidan an lakay li;
✅ 13 Septanm: Ariel Henry oganize yon konsèy gouvènman pou revoke Minis Jistis, Sekretè Jeneral Konsèy Minis e Komisè gouvènman potoprens. Li pat envite ni minis jistis ni sekretè jeneral konsey minis. Tout minis yo refize siyen devan jefo Ariel pou fè obstriksyon a lajistis;
✅ 13 Septanm: Apre premye minis Ariel Henry voye neg ak zam al menase Komisè gouvènman Bedford Claude, Minis Jistis Rockfeller Vincent ekri direktè jeneral lapolis Leon Charles e mande l ranfose sekirite Komisè Bedford;
✅ 14 Septanm: Komisè gouvènman an Bedford voye rekizitwa supletif bay Jij Entriksyon Gary Orelien e yon lèt entediksyon depa pou Ariel Henry nan imigrasyon. Dosye a ofisyelman anrejistre nan gref kabinè enstriksyon;
✅ 14 Septanm: Ariel Henry pibliye yon lèt ki date 13 Septanm pou revoke Komisè Gouvènman. Lèt sa fèt 14 Septanm men ti koken nan primati a mete dat 13 Septanm sou li. Yo rele sa eskrokri;
✅ 14 Septanm: Ariel Henry nonmen Frantz Louis Juste yon neg Dimitri Vorbe, Reginald Boulos e Coles rekomande pou bloke, sabote anket la e anpeche nouvo eleman supletif al jwen jij enstriksyon;
✅ 14 Septanm: 10 senatè ki rete yo pibliye yon kominike kote yo estomake pou jan Ariel Henry enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse;
✅ 14 Septanm: Tantativ enstalasyon Joseph Lambert kom Prezidan pwovizwa bloke pa Senatè Rony Célestin yon bò e yon lòt bò milat asasen ki voye G9 al tire sou sena a (Ref. Matin Débat);
✅ 15 Septanm: Sekretè Jeneral Konsèy minis demisyone. Li di li paka travay a premye minis Ariel Henry ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise;
✅ 15 Septanm: Ak kout kòb e menas Ariel Henry fose minis yo siyen revokasyon minis jistis e nonmen nouvo sekretè jeneral konsèy minis, Josue Pierre Louis ki se bofrè John Joel Joseph ki se youn nan asasen Prezidan Jovenel Moise;
✅ 15 Septanm: Anbasadè Core Gwoup pote sipò bay Ariel Henry prezime asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse;
✅ 16 Septanm: Plizyè pati nan peyi a prépare mobilizasyon kont mèsenè kreyol Ariel Henry ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse;
✅ 16 Septanm: Premye Minis Ariel Henry soti yon kominike ki konfime li pale a Badio Joseph aloske 21 Out li te di yon jounalis ameriken li pat janm pale a Badio Joseph. Prezidan ameriken Nixon te pèdi pouvwa pou yon manti konsa. Aloske nan ka Ariel la li fè obstriksyon sovaj a lajistis anplis de manti li bay;
✅ 16 Septanm: Ariel Henry lanwuit voye nèg al zam al tire bò kay Jij enstriksyon Gary Orelien ki responsab ankèt asasina Jovenel Moise pou entimide l;
✅ 17 Septanm: Ariel Henry kontinye fè obstriksyon lajistis. Li bay komisè Frantz Louis Juste lòd anile entèdiksyon depa komisè Bedford Claude te mete sou li apre rapò Digicel montre li tap pale 7 Jiyè a Badio Joseph pandan li tap touye Prezidan Jovenel Moise lakay li. Li fè anile tou konvokasyon lajistis te genyen pou li. Listz Quitel minis jistis a.i. e Josue Pierre Louis, sekretè jeneral konsèy minis, ansyen minis jistis ki se bofrè asasen John Joel Joseph ede Ariel nan obstriksyon lajistis sa;
✅ 17 Septanm: Ariel Henry toujou nan obstriksyon lajistis fè komisè Frantz Louis anile entediksyon depa ki gen sou tèt li. Nan pran pozisyon sa li pwouve lèt revokasyon komisè Bedford Claude anti date. Ariel
mande komisè Frantz Louis chache yon jan pou anile rekizitwa supletif ki montre li tap pale a asasen Badio Joseph 2 fwa pandan li tap touye Prezidan an. Komisè a pa gen otorite legal pou fè sa;
✅ 17 Septanm: 85 jou apre asasen yo touye Prezidan Jovenel Moise okenn nan sispèk ke lajistis a lapolis ap chache poko arete. Ariel Henry depi nan interview Scoop FM voye signal bayo komkwa anyen pap rive yo lè li di nan mikro Badio Joseph se zanmi l e li pa kwè li ka fè yon krim konsa;
✅ 17 Septanm: Nouvèl ap sikile Ariel Henry pral fè mèsenè kolonbyen ki touye Prezidan Jovenel Moïse sove;
✅ 21 Septanm: Obstriksyon e koripsyon lajistis kontinye. Ariel Henry, Josue Pierre, List Quitel fè Jij Bernard St Vil leve ilegalman entèdiksyon depa sou Ariel. Komisè Bedford Claude te mete entèdiksyon sa pou enplikasyon Ariel Henry a asasen Badio Joseph nan touye Prezidan Jovenel Moise. Nan desizyon sa Jij avoka Ariel ki se Berto Dorce, ki se avoka Sogener e Dimitri Vorbe, pa prezante okenn eleman pou pwouve prèv Digicel la bay sou enplikasyon premye minis nan fo. Nouvo komisè gouvènman an Frantz Louis Juste ke Ariel nan men pou fè obstriksyon lajistis pa defann Prezidan Jovenel Moise, pep la, lajistis e leta. Tout moun nan jijman sa te allafwa jij e pati;
✅ 22 Septanm: Sekretè Jeneral Palais National Lyonel Valbrun ekri Premye Minis Ariel Henry, Minis kilti a Jean Emmanuel Jacquet pou fè yo konnen DG presses nationales Ronald St Jean vyole lalwa e poze aksyon ilegal nan pibliye akò nan jounal ofisyèl peyi a le Moniteur;
✅ 22 Septanm: Anvwaye spesyal ameriken Daniel Foot demisyone. Li denonse politik gouvènman ameriken sou ayiti. Li di tou Premye Minis Ariel Henry nan koripsyon e ap kore gang kap fè san pèp la koule;
✅ 23 Septanm Josue Pierre Louis fè disparet nan kabinè enstriksyon rekizitwa supplétif komisè gouvènman Bedford Claude te voye e ki ofisyelman anrejistre;
✅ 27 Septanm: Lè CNN mande Ariel Henry si l te pale a Badio? Ariel reponn: _“ Si li pa sonje ou pa ke li pale a Badio sa vle di apèl la pat enpotan”_ Ariel bay manti. https://www.google.com/amp/s/amp.cnn.com/cnn/2021/09/28/americas/haiti-pm-interview-migrants-us-elections-intl-hnk/index.html
✅ 27 Septanm Ariel Henry di CNN li pral bay minis jistis Litz Kitel lod pou gade si gen kolonbyen inosan ki arete nan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Se yon obstriksyon a lajistis paske se jij enstriksyon Gary Orelien ki gen otorite legal. Sonje solda kolonbyen ki touye Prezidan te deklare gen yon premye minis ki te bayo garanti li tap proteje yo apre krim nan. Sanble se Ariel;
❎ 1 Oktob pou fè obstriksyon a lajistis e manipile sistèm jidisyè a Ariel Henry fè yon koudeta nan CSPJ nan enstale ilegalman 6 manm nouvo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè. Atik 6 dekrè 20 desanm 2007 la klè. Li di pou enstale manm CSPJ yo dwe gen arete prezidansyèl. Okenn nan 6 manm ki estale yo pa gen arete sa. Ariel fè sa pou sabote lajistis e manipile sistèm jidisyè a. CSPJ ki la a ilegal e enkonstitisyonèl;
✅ 1 Oktob: Ariel Henry fè rankont sekrè nan primati a avek Badio Joseph youn nan asasen Prezidan Jovenel Moise;
✅ 6 Oktòb: Premyè Dam Martine Moïse poteplent lajistis kont Ariel Henry e asasen yo pou wòl yo nan touye Prezidan Jovenel Moïse;
✅ 11 Oktob: Ariel Henry bay jounal Washington manti lè li di li te pè pou lavi li, 8, 9 Jiyè se pousa li te nan kache. Rezon ki fè Ariel te nan mawon se paske li panse mèsenè kolonbyen lapolis e pep la te mete anbakòd te gentan bay nom li kom premye minis ki te bayo garanti ke li tap proteje yo e ede yo kite peyi dayiti apre krim nan;
✅ 12 Oktòb: Oligak yo ak alye politik yo ap sevi a violans gang pou montre eleksyon pa posib e fòse yon tranzisyon. Objektif la se ekate pep la nan desizyon politik pou bay akò ant ti zanmi jaret;
✅ 15 Oktòb: Ariel Henry voye 20 milyon goud bay gang G-9 pou fasilite aksè l a pon wouj 17 oktòb;
✅ 19 Oktob: Jounal ameriken Washingtonpost dekri Ariel kom gouvènman gang https://www.washingtonpost.com/opinions/2021/10/18/cartoon-by-ed-hall/
✅ 23 Oktob: Otorite peyi Jamaïque arete Antonio Palacios Palacios mèsenè kolonbyen ki touye Prezidan Jovenel Moïse lakay li 7 Jiyè. Ampil moun di se Ariel ki ede li sove. Li te sere kay yon majistra adjwen potoprens ki nan Inite;
✅ 5 Novanm: Sekretè Jeneral OEA Luis Almagro deklare si avni dwe boujonnen ayiti Prezidan Jovenel Moise dwe jwen jistis. Lap kore tout jefo pousa;
✅ 7 Novanm: Diaspora al manifeste devan nasyonzini pou mande jistis pou Prezidan Jovenel Moïse. 4 mwa apre krim nan yo pa mete tribinal spesyal pou ayiti;
✅ 7 Novanm: Diskou Premyè Dam Martine Moïse ki fokis sou jistis pou Prezidan Jovenel 4 mwa apre oligak ak sistèm touye l menmjan yo te touye Boukman;
✅ 8 Novanm: 125 jou apre yo touye Prezidan Jovenel Moise, Ariel Henry pa arete okenn nan asasen yo. Pep la di lap pwoteje asasen yo.
0 notes
touthaiti · 3 years
Photo
Tumblr media
Nou mande Ti Claude Joseph président sou Wikipedia pou l libere prizonye politik Arnel Belizaire #tiklòdjoseph #jovenelmoise #haiti #claudejoseph #arnelbelizaire #TiClaudeJosephPrezidansouWikipedia https://www.instagram.com/p/CRZv3LtBygd/?utm_medium=tumblr
0 notes
netalkolemedia · 2 years
Text
Daprè Direksyon Administrasyon Penitansye a, 54 prizonye mouri nan penitansye nasyonal 
Direktè administrasyon Penitansye a, Pierre René François, fè yon evalyasyon pasyèl, mèkredi 12 oktòb la, sou kantite prizonye ki mouri soti janvye rive oktòb 2022.   Daprè direktè a, kantite prizonye ki mouri yo evalye a 54. Pami yo, 21 mouri nan kolera.16 mouri nan prizon Jakmèl la, 14 nan prizon Kwadèboukè ak 3 nan Kafou. Bilan sa a ta dwe pouse otorite leta ak òganizasyon dwa moun aji prese…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
radiopbs · 4 years
Video
instagram
Prizonye ratrape https://www.instagram.com/p/CLufMNRB3tz/?igshid=1dfe3s2l353h9
0 notes
fanfan0279 · 5 years
Video
youtube
SENATE BEAUPLAN FE KONNEN PRIZONYE AP VIV PI MAL PASE BET NAN KOMISARYA YO Subscribe, suscriptor, Abonné or ПОДПИСКА ПОЖАЛУЙСТА: https://www.youtube.com/channel/UC7LIb0sEMtav6p0ezMOi76Q?view_as=subscriber&pbjreload=10
0 notes
koolodotv · 5 years
Photo
Tumblr media
Prizonye nan Hench pran Enspektè Prizon an an otaj pou Manje yo pa Jwenn - https://youtu.be/2Mp1gqMJfHQ — view on Instagram https://ift.tt/2tEqQ9w
0 notes
jakonews · 6 years
Text
Tweeted
Eske pawol ou prewokipasyon sa yo pi enpotan ke 4 Prizonye kise #Jonas Loredant, #Max Larieux, #Cherilien Philippe, #Compère Levixon ke penitansye transfere lopital jeneral pou opere pou #ÈNI, poutan yo la pandan y'ap soufri e pagen entran pou yo opere yo. pic.twitter.com/LWl8ZpPebG
— Le JAKO de l'île! 🇭🇹 (@TwitJAKO) February 17, 2019
0 notes
juno7haiti · 3 years
Text
10 prizonye mouri, 4 polisye blese, 6 zam rekipere,se bilan tantativ evazyon nan prizon Kwadèboukè a
10 prizonye mouri, 4 polisye blese, 6 zam rekipere,se bilan tantativ evazyon nan prizon Kwadèboukè a.- #Juno7 #J7Jan2022
10 prizonye mouri, 4 polisye blese, 6 zam rekipere, se bilan tantativ evazyon nan prizon sivil Kwadèboukè a yè vendredi 31 desanm 2021 an . Yon tantativ evazyon anndan prizon sivil Kwadèboukè a , yè aprèmidi 31 desanm lan, lakoz 8 prizonye mouri sou plas plis 2 lòt mouri pandan yo t ap fè dilijans pou ale lopital ak yo epi 4 polisye blese (2 blese grav, 2 lòt yo gen blesi lejè), 6 zam rekipere…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
sicksdot · 7 years
Photo
Tumblr media
#Repost @rozay405blog_ with @instatoolsapp ・・・ Respect my people 🇭🇹🇭🇹 #Repost @mickaelartist ・・・ January 1, 1804 Happy Independence Day to all people of color⚫️ Haiti Did it for the World 🌎 First Free Black Republic!! Let's see now if we can free ourselves and the world from Mental Slavey Next .. Body And Mind Have To go hand and hand or your still captive 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹 1er Janvier 1804! Map di Bon fèt endepandans a tout moun nwa⚫ Ayiti fèl pou mond lan, premye nasyon nwa ki te libere!! Kounyea ann wè si nou ka libere nan prizon mantal la .... kò avek lespri dwe mache men nan men si se pa sa nap toujou prizonye
0 notes
louissaintec · 7 years
Photo
Tumblr media
Saturday, July 29 Keep in mind those in prison.—Heb. 13:3. Paul was not here referring to just any type of prisoner. He was speaking about those brothers who were imprisoned for their faith. Paul himself had been in prison bonds for some four years by the time he penned those words to the Hebrew Christians. (Phil. 1:12-14) He commended the brothers for having “expressed sympathy for those in prison.” (Heb. 10:34) Those Hebrew Christians were physically separated from Paul. So how could they keep him in mind? They could do so by their fervent prayers in his behalf. (Heb. 13:18, 19) Today, we may likewise be separated physically from our brothers who have been thrown into prison. We may not be able to give them the practical help that is provided by the Witnesses who live near the prison. But we can show our sympathy and brotherly affection by constantly remembering these faithful ones and mentioning them in our prayers, pleading to Jehovah in their behalf.  Sonje moun ki nan prizon yo. — Ebre 13:3. Nan vèsè sa a, apot Pòl pa t ap pale de nenpòt kalite prizonye. Li t ap pale de frè yo te met nan prizon akoz lafwa yo. Pòl li menm te gentan gen katran nan prizon nan moman l t ap ekri pawòl sa yo voye bay kretyen ebre yo (Flp.1:12-14). Li te felisite frè yo dèske yo te montre yo “gen kè sansib pou frè ki nan prizon yo”. (Ebre 10:34.) Kretyen ebre sa yo pa t la fizikman ak Pòl. Donk, ki fason yo t ap ka kontinye sonje l? Yo te ka fè sa grasa priyè yo te konn fè pou li (Ebre 13:18, 19). Jodi a, menm jan an tou, nou gendwa pa ansanm ak frè nou yo ki nan prizon. Nou gendwa pa ka ba yo èd ki pratik Temwen k ap viv toupre prizon an ka ba yo. Men, nou ka montre nou gen tandrès ak afeksyon pou frè yo lè n toujou sonje moun fidèl sa yo, lè n priye pou yo ak lè n kontinye sipliye Jewova pou yo.
0 notes
nouvelpam · 10 years
Text
Bandi prezidan lage tounen fè dega!
Bandi prezidan lage tounen fè dega!
Johny Louis, youn nan 21 prizonye nan Hinche ki te benefisye lagras prezidansyèl 31 desanm nan, al jous nan yon legliz ki tap fonksyone pou atake yon ajan APENA ki rele Entyme Exavier. Youn nan dyak legliz la, Antoinius Cadet, soti blese pandan atak la. Ajan APENA a resevwa 2 bal nan janm dwat li tandiske dyak la resevwa yon bal nan lestomak.
Johny Louis, li menm, resevwa plizyè bal nan…
View On WordPress
0 notes